Accessibility links

Breaking News

Ayiti nan Lis Peyi Etazini Mansyone pou Ameriken Pran Prekosyon Si Yap Vwayaje


Avyon American Airlines
Avyon American Airlines

Depatman Deta Ameriken soti yon kominike pou mande ameriken kap voyage toupatou dan lemond pou pran prekosyon.

Depatman Deta Ameriken bay yon avètisman pou ameriken pran “prekosyon toupatou nan lemond” apre Prezidan Donald Trump te anonse mèkredi ki sot pase a, Lezetazini rekonèt vil Jerizalèm kòm kapital peyi Izrayèl, epitou li pral deplase anbasad Ameriken an nan Tèl Aviv pou mete li Jerizalèm.

Daprè sak ekri nan nòt avètisman an: “Enstitisyon gouvènman ameriken an atravè lemond rete an eta dalèt,” nòt la kontinye pou l di, “Plizyè nan lokal enstitisyon sa yo ka fèmen pou yon ti tan, oswa sèvis piblik yo va fèmen detanzantan pou evalye nivo sekirite yo. Nan ka sa, anbasad ak konsila ameriken yo ap fè tout efò pou ofri sèvis dijans pou sitwayen ameriken.”

Avètisman sa te bay nan kad yon jefò pou ankouraje sitwayen ameriken yo pou rete ann alèt pou konnen sa kap pase nan zòn kote yo ye epi rete an kontak ak anbasad ameriken oswa konsila yo.

Nòt la kontinye pou l di: “Kòm atak teworis, chanjman politik, ak vyolans souvan fèt san okenn avètisman, sitoyen ameriken yo ankouraje anpil pou yo kenbe gwo nivo vijilans yo epi pran mezi ki apwopriye pou sekirite yo rete an alèt lè yap voyaje.” Not la ajoute: “Amplis de enkyetid ki soti nan teworis, voyajè yo ta dwe rete an alèt pousizoka ta gen ajitasyon politik, vyolans, manifestasyon, ak aktivite kriminèl pandan yap vwayaje.”

Depatman Deta pibliye yo lis “soft targets” osinon “kote ki pi sansible” ki ka sijè atak teworis, lye ki gen ladan evenman ak anpil moun tankou: otèl, legliz, lekòl, pak, sant komèsyal, ayewopò ak avyon.

Lis ki gen non peyi ki nan rekomandasyon espesyal enpòtan sa yo gen ladan l: Bukina Faso, Burundi, Kamewoun, Repiblik Afriken, Chad, Kongo, Eritreya, Etyopi, Kenya, Mali, Moritani, Nijè, Nijerya, Somali, Soudan, Sid Soudan, Kore di No, Filipin, Tiki, Ikrèn, Aljeri, Ejip, Iran, Irak, Izrayèl, Wès Bank, Jodani, Liban, Libi, Arabi Sawoudit, Siri, Tinizi, Yemen, Afganistan, Bangladech, Pakistan, Kolombi, El Salvado, Hondiras, Meksik ak Venezyela.

Mesye Matt Lee, yon repòte diplomatik pou Asosye Près raple sou kont Twitter li yon avètisman menm jan ak sa ki soti nan ane 2003, nan komansman lage Iraq la, lè Depatman Deta a te panse al-Qaida ta pral fè yon atak kont sitoyen ameriken.

XS
SM
MD
LG