Accessibility links

Breaking News

10 Desanm 2017 : Ayiti ap Make Jounen Entènasyonal SIDA a avèk Aktivite sou Tèm “Sante Pa m – Dwa Pa M”


JOUNEN ENTENASYONAL SIDA
JOUNEN ENTENASYONAL SIDA

Ann Ayiti, kòm nan pi fò peyi nan le mond, vandredi premye desanm 2017 la se Jounen Entènasyonal SIDA. Responsab lasante yo make jounen an avèk aktivite ki dewoule sou Tèm “Sante Pa m – Dwa Pa M

Nan okazyon an, Lavwadlamerik te konsakre pwogram lib tribin li a, Dyaloge ak Etazini, sou lit responsab lasante yo ann Ayiti (nan sektè piblik la kou nan sektè prive a) ap mennen pou yo konbat maladi a. 2 nan panelis nou yo sete Dr Kesner Francois, responsab divizyon swen ak tretman nan Depatman Sante Piblik ak Popilasyon nan Potoprens, ak Dr. Myrtha Loussaint, yon espesyalis sou dosye SIDA nan ministè sante piblik ayisyen an. Dr. Francois te vini ak rezilta yon etid ki fek fèt e ki montre to ensidans SIDA a nan peyi a sitiye pou le moman nan nivo anviwon 2 %.

Bò kote pa l, Doktè Myrtha Louissaint te vini ak estatistik ki montre ki pousantaj divès segman popilasyon ayisyèn nan ki trape maladi SIDA a oubyen viris HIV a ki bay maladi a.

Dr. Kesner Francois ak Dr. Myrtha Louissant sou Jounen Entènasyonal SIDA a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:14 0:00

Klkie sou lyen anlè a pou w suiv kòmantè Dr. Kesner François ak Dr. Myrtha Louissaint sou evolisyon travay kap fèt nan peyi Dayiti pou lite kont maladi SIDA ak viris ki bay li a, VIH.

XS
SM
MD
LG