Accessibility links

Breaking News

Black Friday ou Vandredi Nwa Se yon Gwo Jou pou Sektè Komèsyal la Ozetazini


Moun ki tap achte nan magazen Walmart pandan jounen Black Friday a vandedi 24 novanm 2017 la.
Moun ki tap achte nan magazen Walmart pandan jounen Black Friday a vandedi 24 novanm 2017 la.

Thanksgiving (ou Jou Daksyon de Gras), ki make kòmansman sezon fèt Nwèl la Ozetazini, trennen dèyè li sa ameriken yo rele "Black Friday" oubyen Vandredi Nwa. Black Friday se yon jou vant-o-rabè pou tout pwodwi, tout machandiz tankou rad, jwèt, aparèy menaje, elatriye.

Kidonk, Vandredi Nwa a senbolize yon epòk gwo pwofi pou magazen kap vann an detay yo, kote yo sòti anba gwo chay dèt pou yo antre nan kategori biznis kap fè lajan. Anpil nan magazen sa yo ouvè pòt yo byen bonè jou vandredi a pou yo atire achtè ki pran devan yon fason pou yo jwenn bon pwodui nan likidasyon –pafwa achtè rete dòmi devan pòt magazen yo pou yo pa rate chans Vandredi Nwa a ofri yo pou yo pwofite de kèk bèl obèn, sètadi pou yo fè bèl afè. Kèk boutik ak magazen ki menm rete ouvè pandan Jou Thanksgiving nan dekwa pou yo ka derape lavant yo anvan tout konpetitè.

Moun ki tap achte divès kalite machandiz nan magazen Macy's, nan Manhattan (New York) ki te ouvè pòt li byen bonè pou Black Friday (Foto: Vandredi 24 novanm 2017).
Moun ki tap achte divès kalite machandiz nan magazen Macy's, nan Manhattan (New York) ki te ouvè pòt li byen bonè pou Black Friday (Foto: Vandredi 24 novanm 2017).

Federasyon Nasyonal Detayan yo di, dapre kalkil yo fè, yon gwo kantite ameriken --swa 164 milyon-- pwofite de machandiz magazen detayan yo ofri a pri piyay. Moun achte anpil nan machandiz sa yo sou entènet la. Kalkil montre tou Black Friday se jou kote ameriken yo depanse plis kòb e magazen ak boutik rantre plis lajan pase tout lòt jou nan ane a.

XS
SM
MD
LG