Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini - Jistis : Prizon Avi pou Ansyen Lidè Militè Sèb-Bosnyak, Ratko Mladitch pou Krim de Gè

Jeneral Ratko Mladic, ki te aktif pandan lagè sèb-bosnyak la, te parèt nan Wot Kou Entènasyonal Jistis, nan Lahè, Peyi Ba, pou l tande santans li. (Foto: 22 Nov. 2017).
Jeneral Ratko Mladic, ki te aktif pandan lagè sèb-bosnyak la, te parèt nan Wot Kou Entènasyonal Jistis, nan Lahè, Peyi Ba, pou l tande santans li. (Foto: 22 Nov. 2017).

Tribinal Nasyonzini k ap trete kesyon krim de gè nan ansyen Yougoslavi a, jwenn ansyen lidè militè sèb-bosnyak, Ratko Mladitch, koupab pou asasina pa bann e pa pakèt, krim de gè ak krim kont limanite pandan lagè ki te dewoule nan ane 90 yo.

Tribinal la jwenn ansyen kòmandan militè a koupab pou 10 sou 11 chèf dakizasyon ki t ap peze sou do l yo -pami yo genyen pèsekisyon, ekstèminasyon, asasina, zak teworis mete sou atak ilegal kont popilasyon sivil la. Tribinal Nasyon Zini an ba li yon santans prizon a-vi.

Yon dam ki te reyaji pandan li tap gade, ansanm ak plizyè lòt moun, yon pwogram televizyon ki tap releye seyans kote yon jij t ap pwononse santans ansyen jeneral sèb-bosnyak Ratko Mladic. Moun yo te reyini nan Sant Memoryal Potocari a, tou pre vil Srebrenica, nan Bosni-Ezegovin, nan dat 22 novanm 2017 la.

Jij Alphonse Orie, ki li santans la, deklare: “Krim yo repwoche akize a twouve yo pami krim ki pi kriyèl e pi revòltan nan tout listwa limanite. Sou lis la genyen asasina ak ekstèminasyon tout yon gwoup etnik, sa ki reprezante yon krim kont limanite.“

Tribinal la fè konnen pwojè Mladic te genyen, sete elimine tout popilasyon bosnyak mizilman ki nan rejyon Srebrenika; dayè, nan vil Sarayevo se misye menm ki te nan tèt yon kanpay bonbadman ak operasyon fran tirè ki te gen pou simaye latèrè epi komèt asasina nan mitan popilasyon sivil la.

XS
SM
MD
LG