Accessibility links

Breaking News

Etazini Kontinye Apiye Travay pou Ranfòse Polis Nasyonal Dayiti (PNH)


Enspektè Gary Desrosiers, pòtpawòl Polis Nasyonal Dayiti PNH.
Enspektè Gary Desrosiers, pòtpawòl Polis Nasyonal Dayiti PNH.

Nan moman gouvènman Moise-Lafontant an ap pare pou l ofisyalize retou Fòs Ame Dayiti (FAD’H) nan yon seremoni ki pral dewoule nan vil Kap-Ayisyen samdi 18 novanm 2017 la, Lèzetazini repete pozisyon ofisyèl li sou dosye a, asavwa Washington kontinye kore efò kap fèt pou ranfòse pwofesyonalizasyon Polis Nasyonal Dayiti a (PNH).

Yon pòtpawòl Depatman Deta, ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan jounen mèkredi 15 novanm 2017 la, fè konnen depi ane 2005, Lèzetazini apiye pwogram antrennman ak fòmasyon ki debouche sou gradyasyon 9419 kadè ki sòti nan Lekòl Polis la.

Lèzetazini se pi gwo donatè entènasyonal pou Polis Nasyonal Dayiti (PNH) depi 2010, avèk yon envestisman ki monte rive anviwon 215 milyon dola ki sèvi pou ranfòse kapasite fòs polis la, sèvis koreksyon, operasyon anti-dwòg, eta de dwa, ak ranfòsman sektè jistis la. An 2016, Lèzetazini te ofri yon milyon 500 mil dola pou kore travay ki tap fèt pou konplete amelyorasyon Lekòl Polis la ki te gen ladan n kontriksyon yon kuizin tou nèf, acha kèk nouvo jeneratè, epi reparasyon dòtwa, twou ego, ak sant sante.

An me 2016, 1475 kadè te resevwa diplòm yo nan Lekòl Polis la; se pwomosyon ki genyen pi gwo kantite nouvo diplome nan tout istwa lekòl la. Kantite etidyan-fi ki diplome nan Lekòl Polis la varye ant yon nivo ki osi wo ke 26 pousan an 2009 pou l rive nan nivo aktyèl la ki se ant 8 e 12 pou san depi 2013. Polis Nasyonal Dayiti pral genyen yon efektif kap depase 15 mil ajan vè fen ane 2017 la, sa ki pral pèmèt li pran plis responsablite nan travay pou kenbe yon anviwonnman sekirite ak stabilite ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG