Accessibility links

Breaking News

Opinyon 4 Refijye Nò Koreyen sou Vwayaj Prezidan Trump la ann Azi


Ji Seong-ho, yon nò korean ki pran refij li Ozetazini mande Prezidan Trump pou l pale de inite ak dwa zimen pandan vwayaj li ann Azi.
Ji Seong-ho, yon nò korean ki pran refij li Ozetazini mande Prezidan Trump pou l pale de inite ak dwa zimen pandan vwayaj li ann Azi.

4 sitwayen Kore di Nò, ki kouri kite peyi yo e ki pale ak Lavwadlamerik nan yon mesaj video yo ta renmen voye bay Prezidan Donald Trump, di kisa yo ta renmen wè lidè ameriken fè e deklare pandan yon vizit li pral fè nan Kore di Sid.

Yo fè Lawadlamerik jwenn mesaj sa yo anvan Prezidan Trump te kite Washington vandredi 3 novanm 2017 la pou vizit li pral fè ann Azi a, vizit ki pral mennen li nan Kore di Sid le 7 novanm.

4 mesye sovadò sa yo di yo ta renmen wè Misye Trump chache pran tèt Lachin --sèl alye Kore di Nò rete-- pou fè l sispann arete sitwayen nò-koreyen ki al pran refij lakay li, epi voye yo retounen nan peyi yo.

XS
SM
MD
LG