Accessibility links

Breaking News

Lidè Politik Moise Jean-Charles Lopital - Sanble Li Sibi Yon Leje Atak Serebral


Moise Jean-Charles
Moise Jean-Charles

Daprè nouvèl dernière heure ki sòti Pòtoprens, kapital Ayiti, Moise Jean-Charles, dirijan kowalisyon politik Pitit Desalin, fè sa doktè yo rele "yon début de stroke", sètadi yon atak serebral ki pa grav. Misye Jean-Charles anba obsèvasyon medsen li nan Lopital Mevs.

Nouvèl sa a jwenn konfimasyon jounalis Radyo-Tele Karayib, Jean-Monard Metellus, ki di li te resevwa yon kout-fil nan men Misye Jean-Charles ki te gen difikilte pou l pale. Metellus te ale lopital la pou l wè malad la; daprè li, maladi polisyen an se rezilta “surmenage”, sa vle di eksè travay; doktè rekòmande repo e jounalis la prevwa M. Jean-Charles byen kapab retounen lakay li nan 2 zou 3 jou. Sepandan Mettelus prevwa tou lidè Pitit Desalin nan pral genyen pou li swiv konsèy doktè li epi limite lè travay li.

Depi plizyè mwa, Moise Jn-Charles te nan tèt yon seri pwotestasyon ki dewoule nan kapital la, Pòtoprens, ak nan kèk vil pwovens kote lidè opozisyon an ak patizan yo pa sispann mande depa Prezidan Jovenel Moise ak anilasyon nouvo bidjè nasyonal la.

Temwayaj Jounalis Jean-Monard Métellus Ki te Vizite Moise Jean-Charles nan Lopital la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:06 0:00

Klike sou lyen anlè a pou ou swiv temwayaj jounalis Jean-Monard Métellus sou eta sante Moise Jean-Charles nan mikwo Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG