Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kilti : Depatman Kilti ak Kominikasyon Pare pou l Rann Papa Pyè Yon Denyè Omaj


 Komedyen aysiyen trè popilè, Papa Pye.
Komedyen aysiyen trè popilè, Papa Pye.

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Limond Toussaint, di otorite yo an kontak avèk fanmi Papa Pyè e yo pran dispozisyon pou yo antere li avèk onè, avek respè.

Nouvèl ki sòti nan sant Eta Florid anonse lanmò youn nan komedyen ki make sèn teyat popilè a ann Ayiti pandan plis ke 4 dizèn lane. Jean-Claude Joseph, alyas Papa Pyè, rann dènye soupi li nan yon lopital vil Orlando byen bonè mèkredi 18 oktòb 2017 la vè 1 nè di maten. Tisè Papa Pyè, Yole Pierre, fè konnen yon seremoni finèb pral dewoule nan Orlando epi fanmi an prale ak kò a ann Ayiti kote otorite yo anonse yap pran dispozisyon pou onore defen an ki pase tèlman lontan ap amize pèp ayisyen an.

Minis Kilti ak Kominikasyon Peyi d Ayiti a, Limond Toussaint ki pale avèk Lavwadlamerik, di otorite yo ap mete ansanm ak fanmi Papa Pyè pou rann li yon dènye omaj.

Deklarasyon Minis Kilti ak Kominikasyon Ayiti a, Limond Toussaint, sou lanmò papa pyè.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:17 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv deklarasyon Misye Toussaint.

XS
SM
MD
LG