Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: 26 Majistra Ayisyen Patisipe nan Premye Konferans Minisipal Anyèl Ayiti/Florid sou Risk ak Dezas


Yon gwoup majistra ayisyen.
Yon gwoup majistra ayisyen.

Yo se 26 majistra ki sòti nan depatman Lwès, Sant, Nò ak Nòdès peyi Dayiti ki patisipe nan premye konferans minisipal anyèl Ayiti/Florid lan sou jesyon risk ak dezas ki dewoule nan Fort-Laderdale, nan Eta Florid.

Soti dimanch 15 pou rive mekredi 18 Oktòb 2017 lan, otorite lokal sa yo, te gen optinite swiv Konferans sou tèm nan avèk plizyè espesyalis ayisyen tankou etranje k ap viv nan Eta sa, vizite divès sit enpòtan ki gen rapò ak jesyon risk ak dezas lan tankou "Wheelabrator", ki se yon kote yo trete fatra, epi chita pale ak plizyè tokay majistra yo, sou menm posiblite pou ta kole vil ansanm. Direktris The Edge Worldwide lan, Linda Cesar ki se prensipal inisyatè aktivite sa, pat kache satisfaksyon l pou jan l dewoule, pandan l kwe enfòmasyon sa yo pral itil majistra yo pou byen popilasyon an.

Enjenyè John Herve Raymond, ki se yon sipèvizè nan biwo jesyon dlo nan distrik Sid Florid, ofisye John Philome, yon reprezantan nan depatman polis nan Noth Miami Beach, Jean Ones Austin, yon espesyalis operasyon kominote nan ajans federal jesyon ijans yo, te pami divès entèvenan ki te pran lapawòl nan aktivite sa. Ones Austin, espesyalis FEMA a kwè, Majistra ayisyen yo gen yon gwo wòl pou yo jwe sitou nan fè prevansyon pou katastwòf natirèl yo nan peyi Dayiti.

Sou bò pa yo, majistra yo pat kache satisfaksyon yo, pou konferans sa. Marie Andre Ruth Thelus, majistra Sodo, yon komin nan depatman Sant, majistra Demetrius Luma, majistra Wanament pat manke di kòman fòmasyon yo resevwa yo pral itil yo. Deja, yo komanse reflechi sou kijan yo pral fè pou sèvi ak fatra pou pwodwi enèji nan komin yo.

Premye konferans minisipal anyèl Ayiti/Florid sou jesyon risk ak dezas lan òganize nan kad swivi ki fèt sou pwojè fanm majistra nan Nò ini pou devlopman, The Edge Worldwide te lanse nan mwa Oktòb 2016 pase a. Pwojè sa ki reyini majistra gason yo bò kote medam yo, men tou majistra nan komin nan lòt depatman yo nan peyi a, vize ranfòse kapasite majistra sa yo, pou fè travay yo pi byen kòm eli lokal. E Konferans sa te rive reyalize gras ak kolaborasyon Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo an Ayiti, Asosyasyon Fanm Majistra nan Nò, FITCE ak divès majistra vil nan Eta Florid lan, pou n site sa yo sèlman.

XS
SM
MD
LG