Accessibility links

Breaking News

Fon Monetè Entènasyonal la Bat Bravo pou Akselerasyon Kwasans Ekonomi Mondyal la


Building Fon Monetè Entènasyonal la, FMI nan Washington.
Building Fon Monetè Entènasyonal la, FMI nan Washington.

Direktris Fon Monetè Entènasyonal la, Christine Lagarde, pat kache kontantman li apre piblikasyon, madi 10 oktòb 2017 la, previzyon kwasans ekonomi mondyal la pou ane 2018 la. Dapre pwojeksyon FMI yo, ekonomi mondyal la kapab anrejistre yon kwasan pwogresif de 3,6% a 3,7%. Se pi gwo to kwasans analis eknomik yo prevwa depi 2011.

Sepandan, peyi yo dwe leve kèk defi tankou entrav striktirèl yo ki enpeche kwasans la ale pi rapidman. Madam Lagarde fè konnen se pi bon moman pou enstitisyon Bretonn Woods yo (Bank Mondyal ak FMI) ta fè kèk refòm striktirel nan achitekti finansyè mondyal la.

FMI fè previsyon sa yo nan moman kote minis finans, minis planifikasyon ak gouvènè bank santral 189 peyi kòmanse rankontre nan Washington nan kad reyinyon anyèl otòn gouvènè Bank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal kap dewoule pandan 7 jou, sòti 9 pou rive 15 oktob 2017.

Palmantè ak reprezantan sektè prive a, òganizasyon sosyete sivil la ak inivèsite yo ap patisipe tou pou diskisyon kap fèt sou kesyon d'enterè mondyal tankou pespektiv ekonomik yo, eliminasyon lamizè, devlopman ekonomik, rezilta asistans finansè yo, elatriye. Minis finans yo pral entèveni sou podyòm Bank Mondyal la pou yo prezante yon bilan sou akonplisman yo ak pespektiv ekonomik yo.

Minis finans ayisyen an, Jude Patrick Salomon, bay Lavwadlamerik yon entèvyou avan ouvèti reyinyon anyèl la, kote li di li pral rapousuiv negosyasyon Prezidan Jovenel Moïse te kòmanse avek bayè de fon bilateral ak miltilateral yo pou ekzekisyon plizyè pwojè devlopman ki nan pwogram 5 an gouvènman an. Grant ajantye ayisyen an te pwofite pou l bay detay sou prensipal pwen li pral abòde nan entèvansyon li gen pou l fè lè l va pran lapawòl devan asanble gouvènè yo. Minis Salomon deklare :

"Nap mete aksan sou volonte gouvènman an pou l kontinye lite kont koripsyon, renfòse enfrastrikti woutyè a, bay peyi a enèji pwòp, pwogram sosyal, medikal e skolè. Nou pral chache asistans patnè bilateral ak multilateral yo nan sans sa a."
Paralèlman ak dewoulman reyinyon anyèl Bank Mondyal ak FMI a, anpil seminè ak kolòk ap dewoule sou tèm ki konsène ekonomi mondyal la, devlopman entènasyonal ak sistèm finansye mondyal la. Prezidan Gwoup Bank Mondyal la, Jim Yong Kim, entrodui ane sa a yon pwojè li rele "Pwojè Kapital Imen” nan kad efò k ap fèt pou ankouraje envestisman nan moun kòm yon etap trè enpòtan sou wout k ap debouche yon kwasans ekonomik enklizif e ranfòse aplikasyon pwogram nasyonal e entènasyonal ki vize mete fen nan lamizè.

XS
SM
MD
LG