Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jeremi: Grèv Isye ak Grefye yo Lakoz Prizon yo Rete Ranpli ak Detni


Foto yon prizon ann Ayiti ki nan vil Akayè.
Foto yon prizon ann Ayiti ki nan vil Akayè.

Komisè gouvènman Jeremi an, Mèt Bergemane Sylvain, fè konnen grèv isye ak grefye yo paralize fonksyonman Pakè Tribinal Premye Enstans Jeremi an. Komisè Sylvain di: Nivo detansyon prevantiv pwolonje a leve byen wo, epi prizon sivil Jeremi an vinn gen plis moun pase sa l te genyen avan. Anpil deteni oblije ap tann tan ki pi long avan pou ale devan jij natirèl yo akoz mounvman grèv sa a.

Chèf Pakè Jeremi an a di gen 20 ka ki pou te al nan asiz kriminèl, tout dosye sa yo oblije bloke nan tiwa. Mèt Sylvain mande popilasyon konprann sitiyasyon sa a paske yo vle fè jijman yo; sepandan, grèv grefye ak isye yo paralize akitivite tribinal la, e yo pap kapab fè anyen nan sa. Komisè gouvènman vil Jeremi an mande popilasyon kaseral la ak moun kap tanm jistis yo pran pasyans jiskaske pwoblèm sa a rezoud.


Yon lòt kote, avoka yo nan Bawo Jeremi an fè konnen mounvman grèv isye ak grefye yo ralanti konplètman aktivite travay yo pa yo tou kote pa gen ka ki kapab prezante devan tribinal yo pou suivi jidisyè kòm sa dwa.

Korespondan Lavwadlamerik nan Jeremi, Luckner laguerre, kontribye nan redaksyon nouvèl sa a.

XS
SM
MD
LG