Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jeremi: Militan Patizan PHTK yo Di Diskisyon sou Zafè Bidjè a se yon Fo Pwoblèm


Kadida alaprezidans Jovenel Moise pandan kanpay li nan Pòtoprens.6 novam 2015. Jovenel Moise se aktyèl prezidan Ayiti pare eleksyon 2016 yo.
Kadida alaprezidans Jovenel Moise pandan kanpay li nan Pòtoprens.6 novam 2015. Jovenel Moise se aktyèl prezidan Ayiti pare eleksyon 2016 yo.

Militan, patizan, pati Politik Ayisyen Tèt Kale yo, PHTK, nan vil Jeremi, apre yon rasanblemant yo fè nan baz yo, rankontre laprès pou lanse yon mis an gad oubyen yon piga kont sektè opozisyon an ki dapre yo trè ajite depi kèk jou sou zafè bidjè a.

Patizan PHTK yo deklare Grandans te vote Presidan Jovenel Moise a 90 pousan e ke yo pap asepte okenn sektè destabilize gouvènman an. Militan pwòch pouvwa yo pwomèt nan jou kap vini la a, yap deklannche yon manifestasyon pou pote soutyen yo bay Presidan Jovenel Moise, yon fason pou kore gouvènman Lafontant an ki dapre yo gen bon pwojè pou byennèt pèp ayisyen an.

"Opozisyon an ap chache tout kalite pretèk ak fo pwoblèm pou yo kreye dezòd nan peyi a," dapre deklarasyon militant pwòch prezidan an yo. Pòt pawol PHTK a nan Jeremi, Lamorte Pierre Louis, fè konnen zafè lwa finans 2017-2018 la se yon pretèsk, li konseye opozisyon an pou fè tèt ansanm ak gouvènman an de fason pou tout pwomès Mesye Moise te fè nan peryòd kanpay elektoral la rive reyalize.

Mesye Pierre-Louis fè konnen tou li twò bonè pou evalye travay presidan an apre 7 mwa li genyen nan tèt pouvwa a; li fini pou l di Prezidan Moise jwenn yon peyi kraze, chaje ak pwoblem, li pa kapab fè mirak.

Plizyè gwoupman politk ki reklame tèt yo nan opozisyon an mete ansam pou lanse yon seri manifestasyon kont pouvwa Moise/Lafontant an akoz pakèt taks yo di gouvènman an mete nan bidjè fiskal 2017-2018, kote yo fè kwè se moun ki pi defavorize yo rejim nan vize e ke se yo ki pral peye po kase a.

Ouvriye Fatori yo kap manifeste nan Pòtoprens pou reklame yon ajisteman salaryal. Opozisyon akize gouvènman an yo di ki pa gen volonte pou rezoud kris la.(REUTERS/Andres Martinez Casares )
Ouvriye Fatori yo kap manifeste nan Pòtoprens pou reklame yon ajisteman salaryal. Opozisyon akize gouvènman an yo di ki pa gen volonte pou rezoud kris la.(REUTERS/Andres Martinez Casares )

​Yon manijestasyon opozisyon politik la te dewoule nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens, jedi 28 septanm 2017 la san gwo ensidan; toutfwa, Lapolis te sè toblije dispèse foul la ki pat respekte limit yo te ba yo a lè yo te rive devan Palè Nasyonnal. Pami figi lidè opozosyon an mou te ka remake nan rasanbleman sa a te gen Senatè Antonio Cheramy, ak ansyen senatè Moise Jean Charles ki li menm se yon ansyen kandida alaprezidans nan eleksyon 2016 yo ki te deboche ak Jovenel Moise prezidan Dayiti.

Yon lòt manifestasyon te dewoule nan Kap Ayisyen vandredi 29 septanm kont bidjè a; Mach sa tou te dewoule san ensidan.

XS
SM
MD
LG