Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Dirijan Medya Sosyal yo devan Komisyon Sèvis Sekrè Kongrè a


Logo Facebook ak Twitter (Thomas White - REUTERS RC15389E4A90).
Logo Facebook ak Twitter (Thomas White - REUTERS RC15389E4A90).

Ozetazini reprezantan ofisyèl media sosyal Twitter fè depozisyon yo devan komisyon sèvis sekrè sena a ak chanm reprezantan an nan kad ankèt kap fèt sou enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. 2 seyans yo dewoule ak tout pòt fèmen aprè dirijan Facebook yo te patisipe nan yon sesyon depozisyon menm jan nan kòmansman mwa septanm nan.

Responsab medya sosyal sa yo dakò pou yo mete a la dispozisyon palmantè ameriken yo 300 spòt piblisitè ki konsènen Moskou e ki ta gen rapò ak divizyon sosyal e politik afè eleksyon an pwovoke Ozetazini.

Komisyon sèvis sekrè tou 2 chanm kongrè a ap analize konsekans atik ki repoze sou fo nouvèl yon fason pou yo rive konnen egzatteman si wi ou non otorite ris yo te jwenn apwi nan men moun Ozetazini pou ede yo chwazi konteni atik ki te vize yon sèten sèkte nan popilasyon amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG