Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la Otorize Transpò Imedya Kago nan Direksyon Pòtoriko


Manm kominote pòtoriken an nan New York ap prepare pwovizyon dlo, manje ak medikaman pou voye bay popilasyon sinistre a nan Pòtoriko. (Foto: Julie Jacobson/AP).
Manm kominote pòtoriken an nan New York ap prepare pwovizyon dlo, manje ak medikaman pou voye bay popilasyon sinistre a nan Pòtoriko. (Foto: Julie Jacobson/AP).

Nan kòmansman jounen jedi 28 septanm 2017 la, La Mezon Blanch anonse gouvènman Trump la mete sou kote pwovizwaman aplikasyon lwa sou ekspedisyon kago ki prale Pòtoriko. Daprè lwa sa a, se bato ak avyon ameriken sèlman ki gen dwa transpòte kago nan Pòtoriko. Administrasyon an pran desizyon sa a devan gwo pwoblèm ki poze pou popilasyon Pòtoriko a apre pasaj 2 siklòn sou tèritwa a.

Pòtiriken ki nan liyn nan San Juan, kapital la, pou yo resevwa pwodui premye nesesite ki vin ra apre pasaj Siklòn Maria. (Foto: 27 Septanm 2017).
Pòtiriken ki nan liyn nan San Juan, kapital la, pou yo resevwa pwodui premye nesesite ki vin ra apre pasaj Siklòn Maria. (Foto: 27 Septanm 2017).

Sou demand gouvènè pòtoriken an, Ricardo Rosello, Prezidan Trump bay otorizasyon pou yo mete sou kote Lwa Jones nan pou sa ki konsène ka Pòtoriko a. Nan yon twit pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, pibliye, li deklare otorizasyon an ap antre ann aplikasyon imedyatman. Menm kalite demand sa a te sòti bò kote yon kantite manm kongrè ameriken an; pami palmantè sa yo gen youn nan senatè Eta Florid yo, Marco Rubio, ki t al vizite Pòtoriko lendi pase a.

Nan sware mèkredi 27 septanm 2017 la, Gouvènè Rosello te mande La Mezon Blanch yon otorizasyon tanporè espesyal konsènan miz-an-veyèz Lwa Jones nan. Gouvènè Rosello, ki di 3 milyon 400 mil pòtoriken yo ap fè fas ak yon kriz imanitè, pa pèdi tan pou l pibliye yon twit kote li di "mèsi" pou anons la.

XS
SM
MD
LG