Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken an, Jim Mattis, Vizite Afganistan Mèkredi 27 Septanm 2017 la


Prezidan afgan an, Ashraf Ghani, agoch ak sekrete defans ameriken an Jim Mattis nan Afganistan pandan yon konferas de près.
Prezidan afgan an, Ashraf Ghani, agoch ak sekrete defans ameriken an Jim Mattis nan Afganistan pandan yon konferas de près.

Misye Mattis, ki pale nan Kaboul di: “Nou p ap kite Afganistan pou yon lennmi san pitye ki pa ezite touye moun pou l pran pouvwa a…”

Minis Defans ameriken an, Jim Mattis, deklare Lèztazini, ki genyen yon estrateji tou nèf pou elimine yon enpas nan negosyasyon ak rebèl Taliban yo, pa pral abandone lit la nan Afganistan.

Minis Mattis, ki vizite vil Kaboul nan kòmansman jounen mèkredi 27 septanm 2017 la, di otorite afgan yo:

“Avèk nouvo estrateji nou pou rejyon Zid Azyatik la ki baze sou kèk kondisyon tou nèf, n ap nan yon pi bon pozisyon pou n ede Afganistan nan moman lame peyi sa a ap chanje rapò fòs yo an favè li e kont teworis yo. Nou p ap kite Afganistan pou yon lennmi san pitye ki pa ezite touye moun pou l pran pouvwa a.”

Kèk èdtan aprè Misye Mattis te fin rive nan Afganistan, yon atak ak wokèt dewoule sou ayewopò Kaboul la kote 5 moun blese. Chèf Pentagòn nan pa t pre ayewopò a nan moman an. Taliban yo pran responsablite pou atak sa a e yo fè konnen yo te vize avyon ki t ap transpòte Msye Mattis la menm. Gwoup Eta Islamik la, li menm tou, di se li ki lanse atak la.

Kaboul se 2èm eskal Minis Mattis nan yon virewon nan rejyon Sid Azyatik la ki deja mennen li nan kapital End la, New Delhi.

XS
SM
MD
LG