Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Jean Tatoun Ansyen Militan Politik nan Raboto, Gonayiv Mouri Anba yon Maladi Tansyon


Yon kan tanporè nan Pòtoprens apre tranblemandtè 12 janvye 2010 la.
Yon kan tanporè nan Pòtoprens apre tranblemandtè 12 janvye 2010 la.

Gouvenman ayisyen an pran responsabilite pou òganize fineray Jean Pierre alias Jean Tatounn ansyen konbatan rejim Jean Claude Duvalier a nan lane 86 ak rejim Lavalas Jean Bertrand Aristid la nan ane 2004. Jean Tatounn mouri jedi 14 septanm 2017 pase a akoz yon maladi tansyon ki tap sakaje ansyen lide katye Jibile a depi yon bon bout tan.

Delege depatman Latibonit la Herby Dalencourt ki anonse nouvèl la fè konnen menm si poko gen dat ki fikse pou fè antèman an leta deja pran tout dispozisyon pou òganize fineray la epi sipote fanmi an.

Deklarasyon delege latibonit la Herby Dalencourt nan mikwo korespondan Lavwadlamerik nan Gonayiv Exalus Mergenat.

Delege Latibonit la, Herby Dalencourt, konfime gouvènman ayisyen ap fè antèman Jean Tatounn
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:51 0:00

XS
SM
MD
LG