Accessibility links

Breaking News

Siklòn Irma Ap Frape Rejyon Karyib ak Yon Van Danjere Kap Soufle ak 295 Mil Alè; Ayiti Rete ann Alèt Wouj


Machin polis nan Pòtoriko nan moman siklòn Irma ap pase ak yon van kap soufle a 295 mi alè. Irma rive nan
Machin polis nan Pòtoriko nan moman siklòn Irma ap pase ak yon van kap soufle a 295 mi alè. Irma rive nan

Siklon Irma kontinye ap frape il ak zile karayib yo pandan jounen mekredi 6 septanm 2017 la; ouragan pote avèk li van ki tèlman fò, yo klase Irma nan kategori 5; sa vle di se yon tanpèt ki pote van e ki ka pwovoke inondasyon danjre.

Sant Nasyonal Ouragan Etazini an, Nastional Hurricane Center ki nan Miami, fè konnen nan zye siklon nan genyen van ki ka soufle a 295 kilomèt a lè nan moman lap vanse sou zile St-Maten ak Anguiy. Dapre previzyon Espesyalis tan yo, siklon sa a se yon tanpet ekstrèmen danjre. Irma pral vanse sou plizyè nan zile Vyèj britanik yo. Irma gen pou l pase tou prè Pòto Rico nan sware mekredi 6 septanm lan a e lap brose kot nò Repiblik Dominiken demen jedi 6 la. Siklon nan ap pran direksyon Wès-Nodwès kom trajektwa, e deplasman li se 26 kilomèt a lè. Sant Nasyonal Ouragan an di, an jeneral, IRMA pral kontinye nan direksyon sa a pandan 2 jou kap vini la a.

Ki previzyon ki fèt pou Ayiti nan moman gwo move tan sa a ap vanse sou peyi a ? Nap gen repons la ak Madam Chrisnette St-Georges, ki nan Inite Idwo-Meteowolojik Ayisyen an nan Potoprens.

XS
SM
MD
LG