Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Pase Lòd pou Mete Nouvo Sanksyon ki Pi Di sou Venezuela


Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap mache nan Lamezon Blanch. Foto: 23 out 2017.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap mache nan Lamezon Blanch. Foto: 23 out 2017.

Lèzetazini deside mete entèdiksyon pou moun pa fè okenn aranjman konsènan lajanlajan dèt Venezuela a, e sa antre nan kad demach ki pi resan Washington ap antreprann pou mete presyon sou gouvènman represif Prezidan Nicolas Maduro ap dirije nan Karakas la dapre Washington.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè padan jounen vandredi 25 out 2017 la pou anpeche tout konpayi amerikèn fè tranzaksyon ak gouvènman Nicolas Maduro a epi ak konpayi petwòl nasyon amerik di sid la, ki rele PDVSA a.

Asanble Jeneral Prezidan Madulo fòme a ki an sesyon nan Karakas.
Asanble Jeneral Prezidan Madulo fòme a ki an sesyon nan Karakas.

Anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini, Nikki Haley, deklare bay jounalis nan katye jeneral l ONU an, “Nou pa pral tolere diktati Prezidan Maduro ap chache kreye nan peyi a, e nou pa pral respekte asanble ki pa chita sou anyen li a. Nou pa gen okenn chwa, eksepte pou nou pran sanksyon sa yo, dekwa pou nou kapab atire atansyon yo.”

XS
SM
MD
LG