Accessibility links

Breaking News

Pakistan Rejte Akizasyon Washington Ki Vle Fè Kwè Lap Kache Militant Taliban yo Lakay li


Premye Minis Pakistan an, Shahid Khaqan Abbasi.
Premye Minis Pakistan an, Shahid Khaqan Abbasi.

Pakistan rejte kategorikman akizasyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse kòmkwa Islamabad kenbe lakay li rebèl taliban kap lanse atak mòtèl kont sòlda ameriken ki deplwaye nan Afganistan.

Reyaksyon nasyon azi di sid la antre nan kad strateji lidè ameriken vle adopte you rejyon an. Reopens sa a rive apre yon rankont premye minis pakistanè a, Shahid Khakan Abassi, te fin fè ak kabinè ministeryèl li a e ak manm sivil komisyon sekirite nasyonal peyi a.

Minis aft etranjè a, Khawaja Asif, di pandan li tap li yon deklarasyon bay sena a: "Batay Afghanistan an pa kapab dewoule nan Pakistan. Yo vle bay Pakistan pote chay pote, e sa pa pral mete stabilite nan Afghanistan."

XS
SM
MD
LG