Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kanadyen an Ap Kòmanse Loje nan Mezon Prive Imigran ki Ebèje nan Stad Olenmpik Monreyal la


Plizyè fanmi kote pi fò nan yo se ayisyen ki kite Etazini pou antre o Kanada. Otorite kanadyèn yo mete yo nan yon otobis Polis Wayal Monte Kanada a (RCMP) sou fwontyè a epi mennen yo nan Stad Olenmpik Monreyal la. Foto: REUTERS/Christinne Muschi. 3 out 2017 la.
Plizyè fanmi kote pi fò nan yo se ayisyen ki kite Etazini pou antre o Kanada. Otorite kanadyèn yo mete yo nan yon otobis Polis Wayal Monte Kanada a (RCMP) sou fwontyè a epi mennen yo nan Stad Olenmpik Monreyal la. Foto: REUTERS/Christinne Muschi. 3 out 2017 la.

Otorite imigrasyon yo nan peyi Kanada pran desizyon loje nan mezon prive plizyè milye imigran ki travèse fwontyè Etazini antre Kanada. Imigran sa yo ki te ebèje nan stad Olenmpik Monreyal la deja gen dat pou yo prezante devan yon jij imigrasyon pou prezante doleyans yo pou konnen si wi ou non yap jwenn azil.

Imigran ayisyen sa yo di yo soti New York pou rantre o Kanada.
Imigran ayisyen sa yo di yo soti New York pou rantre o Kanada.

Nouvèl yo rapòte 90 pousan nan imigran sa yo se ayisyen ki gen Pwoteksyon Stati Tanporè, TPS, Ozetazini men kap ekspire an janvye 2018 kap vini an.

Pou kounye a, gouvènman kanadyen an deside bay imigran sa yo asistyans legal dapre ansyen korespondan Lavwadlamerik nan vil Monreyal, Jean Martinez, ki se animatè yon emisyon radyo sou entènèt. Jean Martinez te konfime enfòmasyon sa a nan yon entèvyou li bay Jean Robert Philippe.

Klike sou l yen odyo a pou w tande entèvyou Jean Martinez la nan mikwo Jean Robert Philippe.

Entèvyou Jean Martinez bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Robert Philippe
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:05 0:00

Isit Ozetazini nan eta Florid, korespondan Lavwadlamerik Yves Monpremier rapòte òganizasyon ayisyen kap defann dwa imigran yo mande kominote a pou ede yo finansyèman yon fason pou yo kapab pote asistans bay konpatriyòt kap mande azil o Kanada.

Klike sou odyo a ki anba tèks la pou w tande repòtajYves Monpremier depi vil Òlando, eta Florid.

Entèvyou Yves Monpremier bay Lavwadlamerik sou sitiyasyon imigran aysiyen kap mande azil o Kanada yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:49 0:00

XS
SM
MD
LG