Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Kritike Ansyen Prezidan Obama deske “Li Pat Bloke Atan” Enfliyans Larisi sou Prezidansyèl 2016 la


Prezidan Donald Trump ki tap pran lapawòl nan Cedar Rapids, Eta Iowa, kote li tap pale sou sitiyasyon jeneral la Ozetazini 5 mwa aprè li te monte sou pouvwa a (Foto: AP/Susan Walsh, mèkredi 21 jen 2017).
Prezidan Donald Trump ki tap pran lapawòl nan Cedar Rapids, Eta Iowa, kote li tap pale sou sitiyasyon jeneral la Ozetazini 5 mwa aprè li te monte sou pouvwa a (Foto: AP/Susan Walsh, mèkredi 21 jen 2017).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare nan jounen lendi 26 jen 2017 la li panse predesesè li a, ansyen Prezidan Barack Obama, pat reyaji vit ase kont efò Larisi tap fè pou l enfliyanse eleksyon prezidansyèl mwa novanm 2016 la Ozetazini, paske Misye Obama te panse rival demokrat Misye Trump la, Hillary Clinton, ta pral ranpòte laviktwa.

Depi mwa out ane pase a --swa 3 mwa anvan dewoulman eleksyon an-- ajans sèvis sekrè ameriken an, CIA, te dekouvri prezidan ris la, Vladimir Poutin, te pase lòd pèsonèlman pou ajan Larisi te lanse yon atak sou entènèt la kont Lèzetazini yon fason pou nui kredibilite eleksyon an. Objektif lidè ris la sete koze dega nan kanpay Hillary Clinton nan dekwa pou l te ede Donald Trump ranpòte eleksyon an.

Prezidan Larisi a, Vladimir Poutin.
Prezidan Larisi a, Vladimir Poutin.

Daprè yon atik jounal Washington Post te pibliye semèn pase a, ansyen Prezidan Obama tap anvizaje mwayen ki te pi efikas la pou l te kontrekare aksyon Larisi a; men se jous nan mwa desanm li te pase alaksyon, swa aprè Donald Trump te fin genyen eleksyon an.

XS
SM
MD
LG