Accessibility links

Breaking News

Minis Sekirite Teritoryal Etazini an John Kelly Ap Vizite Ayiti


Minis Sekirite Teritoyal Ameriken an, John Kelly
Minis Sekirite Teritoyal Ameriken an, John Kelly

Nouvel yo rapòte alatèt sèvis imigrasyon peyi Etazini, John Kelly, ap fè yon vizit ann Ayiti mèkredi 31 me 2017 la kap chita sou kesyon koperasyon entènasyonal

Dapre yon enfòmasyon ki parèt sou paj Wèb Depatman Sekirite Teritoryal la nan madi swa, Mesye Kelly gen pou l rankontre ak Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, ak lòt ofisyèl gouvènman an pou diskite sou koperasyon entènasyonal ak pwoblèm ki gen rapò ak rapatriman, e sou mwayen pou ede ranfòse kapasite peyi a pou l kontwole lanmè lakay li, ak ankouraje kowoperasyon ak devlopman ekonomik sou fontyè ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Not la pa di ki lè Mesye Kelly ap rive ann Ayiti. Sepandan jounal Miami Herald ak medya yo ann Ayiti rapòte ke Minis Sekirite Teritoryal Etazini an ap pase 4 trèd tan nan kapital la Pòtoprens kote li pral chita pale ak otorite yo nan Palè Nasyonal.

Vizit Mesye Kelly a rive yon semèn apre Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwann Etazini an te pran dispozisyon pou pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou imigran ayisyen ki te deja genyen l yo. Pwolongasyon an ap antre ann aplikasyon 23 jiyè 2017 kap vini an e lap valab pou jous 23 janvye 2018.

Otorite ayisyen yo, kèk palmantè ameriken, ak avoka kap defann dwa imigran tap mande yon pwolongasyon ki pi long. Yo te vle pou depatman imigrasyon renouvle TPS la pou imigran ayisyen yo pou 18 mwa.

Anviwon 58.000 imigran ayisyen enskri nan pwogram Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) Ozetazini depi apre yon tranblemandtè te touye plizyè milye moun nan kapital Ayisti a nan lane 2010. TPS la bay yon pwoteksyon tanporè pou ayisyen ki pat ken dokiman legal kòm rezidan nan peyi Etazini e li ba yo otorizasyon pou travay.

Minis Kelly te fè konnen pwolongasyon 6 mwa sa a "ta dwe pèmèt ayisyen ki gen TPS yo chache jwenn dokiman vwayaj e fè lòt aranjman pou kite peyi Etazini. Sa pral bay gouvènman ayisyen an ase tan tou pou l fè preparasyon pou pwochen rapatriman moun ki gen TPS yo. »

Goivènman ayisyen tap chache pou Etazini renouvle TPS al pou imigran li yo popu yon ane.

Dapre atik Miami Herald la, Mesye Kelly gen pou l rankontre ak responsab misyon Nasyon Zini pou Ayiti a, Sandra Honoré. Nasyon Zini te anonse nan mwa Avril pase a lap mete fen nan misyon lapè li ann Ayiti nan mitan mwa. Madam Honore te fè konnen peyi Dayiti fè ase pwogrè nan efò pou l rejwenn stabilite l.

Minis Sekirite Teritoryal Etazini an pa gen plan vizite lòt pati nan nasyon Karayib la, kap soufri anba efe siklòn Matthew ki te ravaje pati sid li a nan mwa Oktòb 2016 pase a, yon sitiyasyon ki te vin pwovoke kontaminasyon dlo potab ak ogmantasyon flewo kolera a.

XS
SM
MD
LG