Anbasadè Kenneth Merten di Lavwadlamerik Tout Popilasyon Ameriken Solidè ak Pèp Ayisyen an
Nan yon entèvyou ak Jacquelin Belizaire nan Lavwadlamerik nan Washington, Kòwòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten eksprime kondoleyans li bay fanmi viktim siklòn Matthew yo. Anbasadè Merten deklare èd Lèzetazini te kòmanse bay Ayiti apre pasaj siklòn nan pral kontinye.