Accessibility links

Breaking News

Kòmantè Prezidan Barack Obama sou Dezyèm Deba Ant 2 Kandida Alaprezidans Lèzetazini yo, Donald Trump ak Hillary Clinton


Prezidan Ameriken an Barack Obama vote nan biro vòt Cook, Chicago, Illinois, 7 October, 2016. REUTERS/Jonathan Ernst
Prezidan Ameriken an Barack Obama vote nan biro vòt Cook, Chicago, Illinois, 7 October, 2016. REUTERS/Jonathan Ernst

Prezidan Barack Obama deklare Donald Trump pa santi siksè l asire e ke Kandida prezidansyèl Repibliken an “ap desann lòt moun pou moute tèt li.

Msye Obama t ap reyaji apre kòmantè Msye Trump an 2005, lè kamera te anrejistre l ki t ap di jan li ka touche fanm nan pati prive yo paske li se yon vedèt. Yon video ak kòmantè sa yo te parèt sou jounal Washington Post vandredi 7 okòb 2016 la.

Prezidan Barack Obama ak Kandida alaprezidans Pati Demokrat la Hillary Clinton pandan 3èm jou Konvansyon an nan Philadelphia, 27Jilè, 2016.
Prezidan Barack Obama ak Kandida alaprezidans Pati Demokrat la Hillary Clinton pandan 3èm jou Konvansyon an nan Philadelphia, 27Jilè, 2016.

Msye Trump te prezante eskiz li avan deba a pou kòmantè li yo e te rejte pwopozisyon kèk Repibliken pou l ta mete kò l sou kote anfavè chwa li pou vis-prezidan Mike Pence.

Kandida Alaprezidans Pati Repibliken an, Donald Trump ak Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton pandan 2èm deba a ki te fèt nan Washington University in St. Louis, 9 oktòb, 2016.
Kandida Alaprezidans Pati Repibliken an, Donald Trump ak Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton pandan 2èm deba a ki te fèt nan Washington University in St. Louis, 9 oktòb, 2016.

Apre sa, li akize ansye Prezidan Bill Clinton kòmkwa li ta abize fanm fizikman e fè konnen Hillary Clinton te “atake britalman e imilye viktim Bill Clinton yo."

XS
SM
MD
LG