Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Barack Obama pou Ameriken Ede Viktim Siklòn Matthew yo ann Ayiti


Prezidan Barack Obama nan konferans pou laprès sou Siklòn Matthew. (Foto: Mèkredi 5 oktòb 2016).
Prezidan Barack Obama nan konferans pou laprès sou Siklòn Matthew. (Foto: Mèkredi 5 oktòb 2016).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, te abòde, nan jounen mèkredi 5 oktòb 2016 la, sitiyasyon an nan rejyon Karayib la apre pasaj Siklòn Matthew nan yon rankont ak laprès nan La Mezon Blanch. Misye Obama atire atansyon sou le fèt ke, menm lè otorite ameriken yo ap pare yo pou arive siklòn nan sou kòt lès peyi yo, yo pa dwe bliye pwoblèm li kreye nan peyi d Ayiti. Prezidan Obama deklare:

Dega Siklòn Matthew nan vil Les Cayes, nan pati sid peyi d Ayiti. (Foto: 5 oktòb 2016).
Dega Siklòn Matthew nan vil Les Cayes, nan pati sid peyi d Ayiti. (Foto: 5 oktòb 2016).

“Menm lè nou menm, nap prepare nou pou pasaj siklòn nan nan pwòp peyi nou, mwen ta renmen nou pran an konsiderasyon le fèt ke Ayiti, youn nan peyi ki pi pòv nan lemond --yon peyi ki te deja ap soufi anba konsekans lòt dezas-- resevwa gwo frap pandan pasaj siklòn sa a. Nou prevwa Ayiti pral bezen gwo asistans. E se pral menm bagay la nan peyi Bahamas.

"Se poutèt sa mwen mande tout moun ki dispoze kolabore, ki dispoze ede, pou yo vizite sit-entènèt Sant Entènasyonal Enfòmasyon sou Dezas la ki se : CIDI-ORG. Sou sit sa a yo ka jwenn enfòmasyon sou jan yo kapab pote-kole pou fè lavi a vin pi fasil pou moun sa yo ki, pou kòmanse deja pat gen anpil bagay, e ki sibi gwo konsekans siklòn nan.”

XS
SM
MD
LG