Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran lapawòl vandredi 30 septanm 2016 la nan seremoni antèman lidè izrayelyen Shimon Peres nan yon orezon finèb kote li prezante defen Prezidan ak Premye Minis la kòm "Jeyan 20èm Syèk la". Misye Obama klase Misye Peres pami gwo pèsonalite tan modèn yo tankou Nelson Mandela ak Rèn Elizabeth II. Prezidan Obama ajoute:
“Menm an fas atak teworis, menm lè li te pran desepsyon sou desepsyon apre negosyasyon yo, Misye Peres te ensiste pou l di, kòm kretyen-vivan, nou dwe konsidere Palestinyen yo kòm moun ki egal-ego ak Jwif yo e konsa, menm jan ak Jwif yo, yo dwe gen dwa pou yo detèmine anvi yo pou kont yo.”
Nan kòmansman orezon an, Prezidan Obama te atire atansyon sou prezans lidè palestinyen an, Mahmoud Abbas, ki te chita nan premye ranje sal la; daprè Misye Obama, prezans Prezidan Abbas nan antèman an reprezante “yon jès ak yon rapèl ki fè moun sonje negosyasyon pou lapè yo poko fini.“ Mesye Abbas te bay Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, lanmen e 2 lidè yo te fè yon ti pale anvan antèman an te kòmanse.
Prezidan Obama twouve l ann Izrael nan tèt yon delegasyon 32 ofisyèl ameriken –pami yo genyen ansyen Prezidan Bill Clinton, Sekretè Deta John Kerry, Senatè demokrat Bob Casey ak lidè demokrat Chanm Depite a, Nancy Pelosi. Misye Clinton, li menm tou, te pran lapawòl tou nan antèman Misye Peres la.