Accessibility links

Breaking News

1816-2016: Komemorasyon 200 Zan Prezans Legliz Pwotestant ann Ayiti


Nan sware samdi 27 out 2016 la, Pwofesè Fred Williams pral prezante yon konferans nan First Alliance Church nan Silver Spring, nan Eta Maryland, Ozetazini, pou make 200 lane prezans mouvman pwotestan an nan peyi d Ayiti. Epi 4 septanm 2016 la se va okazyon yon gwo seremoni d'aksyon de gras nan lokal Eglise Baptiste du Calvaire, yon legliz ayisyèn ki sitye toujou nan vil SiIver Spring.

Doktè Williams bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou kote li prezante istorik pwotestantism nan Repiblik d Ayiti kote li te antre pou la premyè fwa sou administrasyon Prezidan Alexandre Pétion nan lane 1816 –swa 12 zan apre pwoklamasyon endepandans peyi a. Nan yon bilan plis ke pozitif, konferansye a prezante yon lis divès akonplisman legliz pwotestan yo reyalize ann Ayiti nan domèn tankou lekòl, lasante, kominikasyon, elatriye, pou pote limyè Levanjil la non sèlman sou plan espirityèl ak moral, men tou sou plan materyèl, imanitè ak pèsonèl.

Entèvyou Doktè Fred Williams ak Lyonel Desmarattes sou 200 zan Pwotestantism ann Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:26 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande yon sesyon kesyon-repons ant Pwofesè Fred Williams ak Lyonel Desmarartes sou komemorasyon 200è ane prezans pwotestantism ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG