Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Anile Ogmantasyon Pri Gaz la


Ann Ayiti, yon avi ki sòti nan biwo prezidans la fè konnen:

« Prezidan Jocelerme Privert pran nòt rezolisyon ki sòti nan Sena Repiblik la nan dat madi 23 out 2016 la, nòt ki gen rapò ak nouvo tarif pwodui petwolye yo. Prezidan Repiblik la rete a lekout diferan reyaksyon kap tonbe nan sosyete sivil la, tou espesyalman bò kote sendika tranpòtè yo.

« Se poutèt sa, ann akò ak Premye Minis la e ak Minis Ekonomi ak Finans la, prezidan an deside relanse konsiltasyon yo ak sektè konsène yo dekwa pou l rive jwenn pi vit posib yon pi bon antant sou nouvo sibvansyon Leta kapab ofri pou garanti yon mentyen akseptab pri pwodui petwolye yo san sa pa gen twòp move konsekans sou kapasite li pou li satisfè obligasyon li vizavi popilasyon an.

« Ann atandan, Minis Ekonomi ak Finans la aksepte fè parèt, nan jounen mèkredi 24 out 2016 la, yon avi ki fè konnen li anile pwovizwaman dènye nòt li te pibliye sou nouvo tarif pwodui petwolye yo.

« Nan sitiyasyon difisil sa a, Prezidan Repibik la lanse apèl pou l mande solidarite tout kouch sosyete a yon fason pou prezève yon klima ki pwopis pou dewoulman eleksyon yo, ki se prensipal anje a nan peyi a e se an menm tan tou solisyon veritab la pou nou konfwonte defi ki va poze nan lavni. »

XS
SM
MD
LG