Accessibility links

Breaking News

Seminè Sou Repòtaj konsènan Lasante pou Jounalis Ayisyen nan Washington


Yon gwoup pwofesyonèl laprès, manm Rezo Ayisyen Jounalis Lasante (RAJS), twouve yo nan Washington pou yo patisipe nan yon seminè sou repòtaj konsènan kesyon lasante. Se yon inisyativ Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la ak Biwo Devlopman VOA avèk finasman USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal).

Sòti agoch ale adwat: Sabry Iccenat, Pierre-Paul Ancion, Gladimy Ibraïme, Cyndie Régis, Johnny Célicourt, Dr. Elsy Salnave, Frantz Duval, Fanel Delva, Dr. Odilet Lespérance, Claude Bernard Sérant.
Sòti agoch ale adwat: Sabry Iccenat, Pierre-Paul Ancion, Gladimy Ibraïme, Cyndie Régis, Johnny Célicourt, Dr. Elsy Salnave, Frantz Duval, Fanel Delva, Dr. Odilet Lespérance, Claude Bernard Sérant.

Nan yon seremoni ki dewoule nan jounen madi 9 out 2016 la, direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, ak yon ofisyèl nan Biwo Devlopman an, Gustavo Win, te fè delegasyon an konnen se yon gwo plezi pou Lavwadlamerik resevwa yo nan Washington. Misye César plase seminè a nan kad yon pwogram echanj kote Lavwadlamerik ofri okazyon pou travayè laprès ayisyen resevwa fòmasyon elaji ki nesesè pou yo pi byen fè travay yo.

Misye Win, bò kote pa l, atire atansyon sou le fèt ke seminè a antre nan kad yon seri Biwo Devlopman an lanse depi kèk tan deja pou pèmèt jounalis lasante tou patou nan lemond jwenn pi bon ekipman pou yo motive popilasyon lakay yo pou yo pwoteje byen enpòtan ki rele sante a.

Youn nan patisipan yo, medsen e jounalis Odilet Lespérance, sekretè jeneral RAJS, te pran lapawòl pou l eksprime opinyon gwoup la.

Pandan yon vizit jounalis yo te fè nan katye jeneral OPS (Oganizasyon Pan-Ameriken Lasante) nan Washington nan jounen mèkredi 10 out la, yo te rankontre ak Doktè Sylvain Aldighieri, chèf Inite Maladi Transmisib ak Analiz Sante nan òganizasyon an, ki deklare OPS pa kwè li nesesè pou gen yon entèvansyon espesyal nan peyi d Ayiti nan kad lit kont viris Zika a, etan done Ayiti ap fè-fas ak menm defi konpare ak lòt peyi kote Zika ap fè dega.

Repòtaj Cyndie Régis sou ZIKA
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:38 0:00
Repòtaj Sabry Iccenat sou Medya Sosyal
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:35 0:00

Repòtaj Doktè Odilet Lespérance sou yon Rankont ak Doktè Sylvain Aldighieri nan OMS nan Washington.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:32 0:00

Klike sou lyen anlè yo pou w swiv 2 repòtaj jounalis yo prepare sou rankont yo ak Doktè Aldighieri epi yon 3èm sou yon prezantasyon espesyalis nan medya sosyal, Sandra Lemaire, te fè nan jounen 10 out la.

XS
SM
MD
LG