Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Palman an Poko Fikse yon Dat pou Repriz Asanble Nasyonal la


Daprè nouvèl ki sòti Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti, negosyasyon yo ap kontinye ant diferan blòk nan palman an pou depite yo ak senatè yo jwenn yon antant sou yon dat pou seyans asanble nasyonal la reprann apre li te kanpe madi 28 jen pase a. Bò kote pa l, CORE Group la, ki gen ladan n reprezantan Nasyonzini ann Ayiti, anbasadè Brezil, Kanada, Espay, Lafrans, Etazini, Inyon Ewòp la ak reprezantan espesyal Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pibliye yon nòt ote li egzòte palmantè yo pouswiv san reta, seyans 28 jen an dekwa pou yo ka mete fen nan gwo dout kap plane sou avni politik imedya peyi a depi 14 jen 2016 la, dat kote manda prezidan Privert te fini selon Akò 5 fevriye 2016 la.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 1 jiyè 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:06 0:00
Direct link

Sou menm dosye sa a, kowòdonatè "L'Union des Normaliens Haitiens - UNOH", pwofesè Josué Merilien, mete devan Prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert yon pwopozisyon: se òganizasyon yon wonble nasyonal pou jwenn yon nouvo akò politik aprè 3èm echèk asanble nasyonal la.

Senatè Youri Latortue, sou bò pa l, demanti enfòmasyon kap sikile kòmkwa depite ak senatè ki nan gwoup minoritè a nan palman an egzije pou se yo ki chwazi moun pou okipe kèk pòs ministeryèl ak direksyon jeneral kòm kondisyon pou yo pèmèt asanble nasyonal la dewoule. Misye Latortue fè konnen tout sa gwoup minoritè a vle, se pou palmantè yo jwenn yon antant sou ajanda seyon ann asanble nasyonal la.

Yon lòt kote, direktè egzekitif Inisyativ Sosyete Sivil la, pwofesè Rony Desroches, fè konnen li regrèt le fèt ke palmantè yo pat rive pran yon desizyon sou sò Prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert anvan 3èm seyans asanble nasyonal la te sispann. Pou Misye Desroches, sitiyasyon sa a montre kijan li difisil pou ayisyen jwenn yon konpwomi menm sou kesyon ki gen gwo enterè pou nasyon an.

Konsènan eleksyon yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa a rankontre ak kandida ki enskri pou yo patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 9 oktòb 2016 la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou pami pwen ki te nan sant diskisyon yo, te genyen akreditasyon mandatè pati yo.

Jounalis Jacques Jean-Baptiste
Jounalis Jacques Jean-Baptiste

Anfen, kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, anbasadè Kenneth Merten, ekri kolaboratè nou Jacques Jean Baptiste pou fè l konpliman pou yon travay byen akonpli kòm jounnalis. Anbasadè Merten voye nòt sa a bay Jacques ki pran retrèt li nan Sèvis Kreyòl la apre 27 an sèvis nan Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG