Accessibility links

Breaking News

Konesans ak Kilti Peyi Karaib yo nan La Mezon Blanch


2 drapo ameriken kap flote avèk La Mezon Blanch an twal de fon.
2 drapo ameriken kap flote avèk La Mezon Blanch an twal de fon.

Kilti pèp nan rejyon Karayib la nan sant yon aktivite ofisyèl ki dewoule pandan jounen mèkredi 22 jen 2016 la nan Lamezon Blanch nan Washington, kote otorite yo òganize yon selebrasyon pou onore sitwayen ameriken ak lòt moun kap viv Ozetazini ki gen orijin yo nan Karayib la. Pami peyi reprezante yo te genyen Ayiti, Barbad, Trinidad, elatriye. Youn nan òganizatè yo, natitèlman, sete anbasadè ayisyen an nan Washington, Paul Altidor.

Klike sou siy Play la pou ou swiv on repòtaj Ronald César ki te asiste selebrasyon an.

Repòtaj Ronald César sou Selebrasyon Kilti Karayib la nan La Mezon Blanch Mèkredi 22 Jen 2016
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:33 0:00

Anpil atis ak pwofesonèl ki gen orijin yo nan Karaib la te prezan nan seremoni sa a. Pami yo te genyen chèf-kuizinye ayisyen Stephan Durand, chantèz Emmeline Michel, espesyalis nan domèn elektwonik Nancy Douyon, atis Etienne Charles ki se moun Trinidad ak Tobago, Ryan Leslie ki se moun Barbade, elatriye.

Selebrasyon an te dewoule aprè prezidan ameriken an, Prezidan Barack Obama, te fè parèt, nan dat 31 me 2016 la, yon pwoklamasyon kote li te dekrete mwa jen 2016 la “Mwa Nasyonal Eritaj Kiltirèl Amerikano-Karaib la.”

XS
SM
MD
LG