Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Deklarasyon Pòtpawòl Depatman Deta a sou Dènye Devlopman Politik yo nan Pòtoprens


John Kirby, Asistan Sekretè Deta Lèzetazini e pòtpawòl Depatman Deta a
John Kirby, Asistan Sekretè Deta Lèzetazini e pòtpawòl Depatman Deta a

Biwo Afè Piblik Depatman Deta ameriken an fè parèt, nan jounen madi 29 mas 2016 la, yon deklarasyon pou laprès sou dènye devlopman nan sitiyasyon politik la nan peyi d Ayiti. Ofisyèl ki fè deklarasyon an se John Kirby, Asistan Sekretè Deta Lèzetazini e pòtpawòl Depatman Deta a. Men sa k di nan deklarasyon an:

"Lèzetazini byen akeyi vòt kote palman an konfime nominasyon Premye Minis ayisyen an, Enex Jean-Charles, ak kabinè li a. Nou jwenn ankourajman nan retablisman Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) ki genyen 9 manm. Responsablite KEP a se òganize 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo, rès eleksyon lejislatif yo ak eleksyon lokal yo ann Ayiti, yon fason pou konplete pwosesis elektoral ki te kòmanse nan lane 2015 la.

"Tankou Akò 5 Fevriye a mande sa a, nou ankouraje KEP a pou l prese mete an aplikasyon rekòmandasyon teknik Komisyon Evalyasyon Elektoral Endepandan an; rekòmandasyon sa yo te fèt nan lide pou amelyore transparans ak ekite nan dènye tou a. Objektif aksyon sa a se ogmante konfyans piblik la nan pwosesis elektoral la.

"Lèzetazini atann li aske tout dispozisyon ki nan Akò a va antre an aplikasyon epi yon nouvo Prezidan demokratikman eli va monte sou pouvwa a osito posib, yon fason pou gouvènman an kapab travay ansanm ak patnè Ayiti yo pou fè fas ak defi ki devan peyi a. "

XS
SM
MD
LG