Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Premye Minis Nome a, Fritz Jean, ap Prezante Politik Jeneral Li devan Chanm Depite a.


Kat Jewografik Peyi Dayiti
Kat Jewografik Peyi Dayiti

Ann Ayiti, Premye Minis nome a, Fritz Jean, gen pou l prezante devan asanble depite yo nan jounen mèkredi 16 mas 2016 la pou l prezante enonse politik jeneral li. Tou lè 2 chanm palman an genyen pou apwouve deklarasyon sa a anvan pou Misye Jean vin Premye Minis peyi d Ayiti ofisyèlman e efektivman.

Pandansetan, yon komisyon Chanm Depite a te fòme pou evalye elijibilite Premye Minis nome a, renmèt rapò li bay biwo chanm nan. Korespondan nou Orpha Dessources di nou komisè yo dekouvri kèk iregilarite nan dosye Misye Jean an.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 16 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:20 0:00
Direct link

Yon lòt kote, patizan Pati Ayisyen Tèt Kale yo (PHTK) ap fè yon sit-in devan palman an nan jounen mèkredi 16 mas la pou yo mande respè ak aplikasyon akò 6 fevriye 2016 la.

Anfen, yon gwoup relijye nan Eta Massachusetts fè konnen yo gen gwo kè-sote devan sitiyasyon sekirite a kap deteryore plis chak jou nan peyi a. Relijye yo lanse apèl bay Polis Nasyonal la ak MINUSTAH pou yo double efò pou yo lite kont ensekirite a.

XS
SM
MD
LG