Accessibility links

Breaking News

Bilan Asistans PADF pou Ayiti - Kèk Chif ak Direktris Rejyonal la, Nadia Cherrouk


Nadia Cherrouk, direktris rejyonal PADF
Nadia Cherrouk, direktris rejyonal PADF

Biwo Monetizasyon Ayisyen pou Pwogram Asistans Fondasyon Pan-Amerikèn pou Devlopman (BMPAD) te selebre 30èm anivèsè li nan peyi d Ayiti nan mwad Janvye 2016 la. Pandan 30 ane sa yo PADF ak Biwo Monetizasyon an te ofri asistans yo pou reyalizasyon plizyè pwojè devlopman nan peyi a.

Direktris rejyonal Fondasyon Pan-Amerikèn pou Devlopman an, Madam Nadia Cherrouk, ki bay Lavwadlamerik yon entèvyou nan jounen lendi 22 fevriye 2016 la, pwofite pou l prezante yon bilan sou entèvansyon PADF ak Biwo Monetizasyon an nan kad plizyè pwogram devlopman kominiotè nan zòn vilnerab yo nan divès vil provens ak nan kapital la, Pòtoprens.

Entèvyou J.P. Leroy ak Direktris Rejyonal PADF Madam Nadia Cherrouk
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:52 0:00

Entèvansyon yo fèt an kolaborasyon ak platfòm kominotè yo nan domèn tankou enfrastrikti, asenisman, dlo potab, enèji, rekonstriksyon, reparasyon kay ak reyabilitasyon katye apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Gouvènman ayisyen an te onore Nadia Cherrouk na mwa janvye 2016 la pou travay Fondasyon Panamerikèn Devlopman an reyalize ann Ayiti. Direktris PADF la di Lavwadlamerik enstitisyon lap dirije a pral kontinye pote asistans li nan sektè agrikòl la, edikasyon, enfrastrikti, sante, elatriye.

PADF gen 5 pwojè lap ekzekite aktyèlman ann Ayiti pou yon anvlòp bidjetè ki varye ant 12 e 15 milyon dola pa ane. Bank Mondyal, BID, USAID (Ajans ameriken pou Devlopman Entènasyonal), ACDI (Ajans Kowoperasyon peyi Kanada), se kèk pami patnè finansye PADF ki patisipe nan reyalizasyon pwojè devlopman kominotè li genyen ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG