Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Ansyen Prezidan Sena a, Jocelerme Privert, Enstale kòm Nouvo Prezidan Pwovizwa


Prezidan Pwovizwa Ayisyen an, Jocelerme Privert
Prezidan Pwovizwa Ayisyen an, Jocelerme Privert

Ann Ayiti, ansyen senatè e prezidan Gran Kò a, Jocelerme Privert, prete sèman kòm prezidan pwovizwa peyi a apre li te ranpòte yon eleksyon 2èm degre ki te dewoule nan palman nan nuit samdi 13 po leve dimanch 14 fevriye 2016 la. Misye Privert te gen kòm rival Edgard Leblanc Fils ak Desjean Bélizaire -ki se 2 ansyen senatè tou. Korespondan nou Orpha Dessources di nou nouvo lidè pwovizwa peyi d Ayiti a gen pou l chwazi yon Premye Minis nan yon konsansis ak klas politik la; ansuit li dwe enstale yon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou òganize pwochen eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo nan dat 24 avril. Sa pral pare chemen an pou yon nouvo prezidan eli prete sèman nan dat 14 me 2016, dapre akò pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la te siyen nan kòmansman mwa fevriye a.

Nouvèl Ayiti pou lendi 15 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:19:22 0:00
Direct link

Reyaksyon apre Eleksyon Jocelerme Privert kòm Nouvo Prezidan Pwovizwa

Premye Minis gouvènman enterimè a, Evans Paul, panse eleksyon yon nouvo prezidan pwovizwa se yon pa nan bon direksyon an e sa kapab fasilite yon solisyon nan kriz politik peyi a ap travèse depi kèk tan deja. Anbadasad Lèzetazini an, bò kote pa l, byen akeyi eleksyon Misye Privert la. Selon yon nòt pou laprès anbasad la pibliye, li di se yon premye etap ki franchi nan aplikasyon akò ansyen Prezidan peyi a ak Prezidan 2 chanm Palman an te siyen nan dat 5 fevriye 2016 la pou garanti yon gouvènans ap kontinye ak aboutisman pwosesis elektoral ki te kòmanse pandan ane 2015 la. Se konsa tou, anbasadris Lafrans la ann Ayiti, Elizabeth Beton Dellègue, apresye le fèt ke, avèk eleksyon Misye Privert, gen yon etap ki franchi. Li espere nouvo dirijan yo pap pèdi tan pou yo aplike tout sa ki di nan akò 5 fevriye a.

Yon lòt kote, Doktè Marise Narcisse, kandida pou pòs Prezidan nan dènye eleksyon yo sou banyè Fanmi Lavalas, kwè eleksyon yon prezidan pwovizwa se yon premye pa nan rechèch solisyon kriz politik la ann Ayiti. Epi Assad Volcy, manm Platfòm Pitit Dessaliines, lanse yon apèl bay chèf deta pwovizwa a pou mande l aplike kondisyon ki gen nan akò 2 pouvwa yo te siyen nan dat 5 fevriye pase a. Misye Volcy, ki resevwa avèk satisfaksyon monte Misye Privert sou pouvwa a, di doleyans platfòm nan pa chanje: re-evalyasyon eleksyon yo, kreyasyon yon nouvo KEP, òganizasyon nouvo eleksyon , epi jijman moun ki te fè magouy nan dènye eleksyon yo e ki te lakoz yo te chaje ak iregilarite.

Anfen, Divès sektè opozisyon an nan Sid peyi DAyiti gen pozisyon diferan apre ansyen Senatè Nip la Jocelerme Privert prete sèman kòm prezidan pwovizwa peyi a dapre yon korespondans Jean Hernst Eliscar nan vil Okay.

XS
SM
MD
LG