Accessibility links

Breaking News

Adminsitrasyon Obama a Kontinye Defann Akò Nikleyè ak Iran an


Sekretè Deta John Kerry (adwat), Minis Enèji a, Ernest Moniz (mitan) ak Minis Trezò a, Jack Lew, te deja fè depozisyon yo sou dosye akò nikleyè a devan Komite Afè Etanjè Sena a nan Washington, nan date 23 jiyè 2015 la.
Sekretè Deta John Kerry (adwat), Minis Enèji a, Ernest Moniz (mitan) ak Minis Trezò a, Jack Lew, te deja fè depozisyon yo sou dosye akò nikleyè a devan Komite Afè Etanjè Sena a nan Washington, nan date 23 jiyè 2015 la.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ak Minis Enèji Lèzetazini an, Ernest Moniz, pral konparèt devan yon komite Chanm Depite a nan jounen madi 29 j iyè 2015 la, nan moman yap kontinye fè efò pou yo jwenn apui kèk palmantè ki poko fin kwè toujou nan akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iran an e pandan Kongrè a ap pase dokiman an an revi.

Depite ak senatè ameriken yo gen 7 semèn toujou devan yo pou yo analize akò a ki, si l antre an aplikasyon, kapab pèmèt 6 puisans mondyal ki te siyen n ak Iran, leve sanksyon kap paralize ekonomi peyi sa a. Semèn pase a, Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an te apwouve antant la nan yon sesyon kote manm yo te tabli yon kalandriye ki prevwa leve sanksyon yo anvan fen ane 2015 la.

Sekretè Deta Kerry ak Misye Moniz se 2 otorite ameriken wo-plase ki te fè plizyè rankont ak ofisyèl iranyen yo --rankont ki te jwe yon gwo wòl nan efò pou 2 pati yo te rive siyen akò pi bonè mwa sa a. Yo gen pou yo fè depozisyon yo devan Komite Afè Etranjè Lachanm nan kote yap gen avèk yo Minis Trezò Lèzetazini an, Jacob Lew.

Semèn pase a, 3 minis sa yo (Kerry, Moniz ak Lew) te patisipe nan yon sesyon menm jan kote yo te reponn kesyon manm komite Afè Etranjè Sena a, kote Misye Kerry te fè konnen si Kongrè a rejte akò a, sa tap vle di Lèzetazini rejte an menm tan tou dènye chans ki genyen pou yo rezoud pasifikman pwoblèm pwogram nikleyè iranyen an poze.

XS
SM
MD
LG