Platfòm Verite anonse yon manifestasyon pou jounen mèkredi 29 jiyè 2015 la. Objektif la se pou denonse zak vyolans ki, daprè platfom nan, ap fèt kont kandida yo pandan kanpay elektoral la epi pou mande KEP a remete kandida platfòm nan, Jacky Lumarque, sou lis kandida a la prezidans agreye yo.
Yon lòt kote, kandida a la prezidans pou Pati Union Nationale pour l'Intégrité et la Réconciliation (UNIR), Clarens Renois, fè konnen li kòmanse resevwa repons pozitif apre apèl li te lanse pou mande divès kandida ini yo nan yon kowalisyon pou pèmèt elektè yo byen chwazi pwochen dirijan peyi a. Msye Renois, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, bay opinyon li tou sou pwosesis elektoral la.
Anfen, reprezantan pati politik RDNP a nan La Gonav, Gérard Rouzier, regrèt sa li konsidere kòm menas k ap peze sou yon seri kandida pandan dewoulman kanpay pou eleksyon lejislatif la. Misye Rouzier pale konsa nan moman plizyè kandida ak pati politik ap denonse atak k ap fèt swa sou domisil kandida yo, swa sou patizan yo.