Accessibility links

Breaking News

Planèt Pliton Gen Anpil Glas sou Li, daprè Foto La NAZA Pibliye


Foto tou nèf aparèy ki nan Nouvo Horizons yo voye sou latè, montre Pliton genyen yon gwo kantite glas sou li. Tip glas la varye avèk pozisyon ou konsidere sou sifas planèt la ki jele nèt.
Foto tou nèf aparèy ki nan Nouvo Horizons yo voye sou latè, montre Pliton genyen yon gwo kantite glas sou li. Tip glas la varye avèk pozisyon ou konsidere sou sifas planèt la ki jele nèt.

Ajans Espasyal Lèzetazini an, La NAZA, pibliye foto moun tap tann depi lontan sou misyon yon sond espesyal ameriken ki rele New Horizons oubyen Nouvo Orizon. Foto sa yo montre glas ki kouvri yon bann ak yon pakèt montay ki sou sipèfisi Pliton, planèt ki pi piti nan sistèm solè a. Pami foto sa yo, moun ka wè yon pakèt imaj ekstwòdinè aparèy la te pran madi 14 jiyè 2015 la pandan li tap pase bò kote planèt la.

Savan ameriken John Spencer –ki te travay sou misyon New Horizons nan- panse « Pliton genyen plis pase 100 milyon lane depi li egziste, sa ki reprezante yon ti fraksyon nan laj sistèm solè a, ki se 4 milya 500 milyon ane. »

Misyon Nouvo Orizon an (yon aparèy kap mache ak enèji nikleyè) konplete eksplorasyon total sistèm solè a ; avèk reyalizasyon misyon sa a Lèzetazini tounen premye peyi nan lemond ki voye yon aparèy espasyal nan chak nan planèt yo, sòti nan Pliton pou rive nan Mèki.

XS
SM
MD
LG