Sond espasyal ameriken New Horizon (oubyen Nouvo Orizon) ki pa gen moun ladan n, rive san danje nan destinasyon li, ki se Planèt Pliton. Alice Bowman, administratris misyon Nouvo Orizon an, konfime gwo reyalizasyon syantifik sa a nan jounen madi 14 jiyè 2015 la. Madam Bowman, ki tap pale ak manm pèsonèl divès sant espasyal ameriken an menm tan, deklare:
"Nou brake kamera a sou senbòl ki nan Nouvo Orizon yo. Nou tande sa? Nou an kontak-kamera avèk enstriman ki nan aparèy la."
Espesyalis kap kontwole misyon an nan sant espasyal Godard --yon sant La NAZA genyen nan vil Laurel, Eta Maryland, tou prè Washington-- te bat gwo bravo lè yo te resevwa yon siyal ki fè konnen vwayaj sond la pèmèt li travèse pozisyon kote Planèt Pliton twouve l la, sètadi nan limit ekstrèm sistèm solè a.