Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Lanse Kanpay Elektoral la pou Lejislatif yo


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Ayiti Eleksyon / Kanpay la Lanse

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) lanse ofisyèlman kanpay elektoral la pou eleksyon lejislativ yo ki fikse pou 9 out 2015 la. Prezidan KEP a, Pierre-Louis Opont, fè anons la nan yon seremoni ki dewoule nan jounen jedi 9 jiyè a, kote li fè konnen kanpay la ap fini nan dat 7 out pwochen.

Yon lòt kote, Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, renouvle volonte gouvènman an pou l akonpaye pwosesis elektoral la. Bò kote pa l, direktè jeneral PNH la (Polis Nasyonal d Ayiti), Godson Orélus, anonse enstitisyon an pran yon seri dispozisyon nan domèn sekirite a pou l akonpaye kandida yo pandan kanpay la. Sou plan finansye a, gouvènman an anonse li pral debloke, semèn pwochèn nan, premye tranch nan yon montan 500 milyon goud li dispoze dekese pou finanse kanpay la.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 10 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:41 0:00
Direct link

Ayiti/ Repiblik Dominikèn-Reyaksyon

Gwoup defans dwamoun Amnesty International, pa lentèmedyè Branch-Amerik li a ki baze nan Wasihngton, òganize yon rankont-deba jedi 9 jiyè 2015 la, nan syèj branch la nan Washington DC, sou sitiyasyon plizyè milye moun ki gen orijinn ayisyèn, kap viv nan Repiblik Dominikèn e ki viktim vyolasyon dwa moun.

Anfen direktris nasyonal Jistis ak Lapè (JILAP), Jocelyne Colas Noel, denonse fenomèn ensekirite a ki, daprè sa l di, pa sispann ogmante pandan peryòd elektoral la. Madam Colas Noel lanse apèl tou bay sitwayen ki pral vote nan pwochèn eleksyon yo pou l mande yo reflechi byen lè yo pral vote pou yon kandida, paske vòt yo ap deside kilès ki pral dirirje peyi a.

XS
SM
MD
LG