Accessibility links

Breaking News

Avètisman Jeneral David Petraeus Bay Lidè Afgan yo


Youn nan jounal ameriken ki pi enpòtan yo, The Wasington Post, fè konnen kòmandan fòs militè Lèzetazini ak L'OTAN genyen nan Afganistan yo, jeneral David Petraeus, lanse avètisman bay dirijan afgan yo pou l di yo: "kritik piblik kont strateji Lèzetazini nan lagè kont teworism nan peyi a, kapab genyen move konsekans sou efò k ap fèt pou lagè a avanse."

Daprè jounal la, Jeneral Petraeus fè konnen kijan li «etone e menm desi » akoz deklarasyon prezidan afgan an, Hamid Karzai, fè nan yon entèvyou li bay Washington Post samdi pase a --entèvyou kote li fè konnen li ta renmen pou Lèzetazini redui prezans ak operasyon sòlda ameriken yo ap mennen nan Afganistan.

XS
SM
MD
LG