Accessibility links

Breaking News

Konferans pou Laprès Ansyen Premye Minis e Kandida a la Prezidans Laurent Lamothe


Ansyen Premye Minis Laurent Lamothe
Ansyen Premye Minis Laurent Lamothe

Ann Ayiti, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe rankontre laprès nan mitan jounen madi 26 me 2015 la pou l bay detay sou rezon ki fè li poze kandidati l pou plas Prezidan d Ayiti. Misye Lamothe, ki se yon kandida konteste, pwofite okazyon an pou l pale, antwòt, de plan li genyen pou devlope peyi a. Rankont sa a dewoule nan moman Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal Wès 1 an kontinye tande kandida konteste pou pòs prezidan an --pami yo genyen ansyen Premye Minis la. Daprè enstitisyon elektoral la, kontestasyon yo vize kèk lòt kandida tankou ansyen senatè Moise Jean Charles, kowòdonatè OPL Sauveur Pierre Etienne ak senatè Depatman Sidès la, Edo Zenny, pou n site kandida sa yo sèlman.

Nouvèl Ayiti pou madi 26 me 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:34 0:00
Direct link

Yon delegasyon Klib Madrid la, ki gen ladan n ansyen prezidan ak premye minis divès peyi (pami yo, Lespay ak peyi latino-ameriken yo) twouve li ann Ayiti kote l ap rankontre ak lidè politik yo e ak kandida yo pou ede jwenn pi bon fason pou konvenk elektè yo vote anfavè yo nan pwochen eleksyon yo.

Kandida pou pòs prezidan anba Platfòm Pitit Dessalines, Moise Jean Charles, anonse yon mach pasifik si KEP a ekate li nan kous elektoral la. Ansyen Senatè Nò a lanse apèl tou pou l mande kominote entènasyonal la pa mele nan pwosesis elektoral la.

Anfen. daprè responsab KEP yo, konsèy la repeche yon total 341 kandida pou plas senatè ak depite; sa vin mete chif la a 1615 depite ak 233 senatè pou yon total 1848 kandida pou eleksyon lejislatif yo. Gen 2346 kandida ki enskri pou minisipal yo, 4,224 pou ASEC, 3,929 pou CASEC epi 1210 delege de vil, selon chif KEP a bay laprès nan jounen lendi 25 me 2015 la.

XS
SM
MD
LG