Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Enskripsyon Elektwonik pou TOUT Kandida nan Pwochen Eleksyon yo


Yon òdinatè
Yon òdinatè

Konsèy Elektoral Pwovizwa a rankontre ak lidè pati ak regroupman politik ki agreye yo, jedi 2 avril 2015 la, nan kad premye jounen refleksyon sou itilizasyon teknoloji elektronik nan pwosesis elektoral la. Direktè egzekitif konsèy la, Mosler Georges, mete devan dirijan yo yon zouti teknolojik kap pèmèt yo sèvi ak nouvo sistèm nan. Selon Misye Georges, pati yo dwe enskri kandida yo sou sit entènèt KEP a dabò avan pou yo fè depo dokiman yo nan Biwo Elektoral Depatmantal yo. Enskripsyon pou pòs depite ak senatè ap kòmanse lendi 6 pou fini dimanch19 avril 2015. Piblikasyon lis kandida definitif la ap fèt nan Biwo Elektoral Depatmantal yo nan kòmansman mwa me 2015. Premye tou eleksyon lejislatif yo fikse pou dimanch 9 out 2015.

Nouvèl Ayiti -vandredi 3 avril 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:02 0:00
Direct link

Lidè politik yo, an jeneral, byen apresye ide pou yo enskri kandida yo elektwonikman, menm si kèk nan yo kwè KEP a vyole lwa elektoral la ki pa prevwa enkripsyon sou entènèt la. Marc Guillaume, kap dirije regoupman politik UPAN, di kandida yo kapab rankontre difikilte nan efò pou yo satisfè kondisyon sa a. Daprè li, pa egzanp, otorite yo nan konsèy elektoral la sanble bliye pwoblèm elektrisite ak lòt difikilte teknik kapab afekte fonksyonman entènèt la nan yon seri zòn ann Ayiti.

Anfen, Ofis Nasyonal Idantifikasyon an (ONI) anonse rejis enskripsyon elektoral la ap fèmen nan yon mwa 2 semèn anviwon, swa nan dat 11 me 2015 la, a minwit. Direktè jeneral ONI an, Jean Baptiste Saint-Cyr, ankouraje votan ayisyen yo al fè kat idantifikasyon elektoral yo avan delè a bout, si yo vle gen chans egzèse dwa sitwayen yo nan pwochen eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG