Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Fen Evalyasyon Biwo Elektoral Depatmantal ak Kominal yo


Kat Jewografik Ayiti
Kat Jewografik Ayiti

Konsèye Elektoral yo mete fen nan evalyasyon yo t ap fè nan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) ak Biwo Elektoral Kominal yo (BEK) nan peyi a. Responsab yo pwofite okazyon an pou ankete sou magouy ki te swa dizan genyen pandan rekritman anplwaye ki pral travay nan BED ak BEK yo. Antretan delè pou pati ak regwoupman politik swa konfime ou byen enskri pou patisipe nan vòt la bout jodi a.

Nouvèl Ayiti -vandredi 20 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:19 0:00
Direct link

Yon lòt kote, ansyen minis kominikasyon, Rudy Herivaux, demanti enfòmasyon ki ta fè kwè li pa nan tèt pati Konfyans la ankò. Ansyen senatè a konfime li gen yon manda pou l dirije pati a pandan 3an soti 2013 pou rive 2016.

Anfen, Unyon Ewopeyèn an bay Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon yon don 21 pickup doub kabin’n ki koute 27 milyon 813 mil 240 goud. Òdonatè Nasyonal Charles Jean Jacques, ki te pale nan non Ministè a, fè konnen veyikil sa yo pral ede ranfòse travay direksyon depatmantal yo. Bò kote pa l, reprezantan Unyon Ewòp la ann Ayiti, anbasadè Javier Nino Perez, renouvle angajman peyi manm òganizasyon ewopeyen an pran pou kontinye akonpaye leta ayisyen nan jefò pou ranfòse enfrastrikti peyi a.

XS
SM
MD
LG