Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Pwotestasyon: Manisfestan Vyole Ekstra-Teritoryalite Konsila Dominiken an


Manitestan yo tap pwoteste kont move tretman Ayisyen ap resevwa nan peyi Panyòl.
Manitestan yo tap pwoteste kont move tretman Ayisyen ap resevwa nan peyi Panyòl.

Plizyè òganizasyon sosyete sivil la te mete yon march pasifik sou pye nan Pòtoprens, nan jounen mèkredi 25 fevriye 2015 la, pou pwoteste kont pandezon yon travayè ayisyen nan vil Santiago de Los Caballeros, nan pati nò Repiblik Dominikèn. Nan okazyon an, plizyè pèsonalite te pran lapawòl devan ministè afè etranjè ayisyen an e devan anbasad dominikèn nan nan Petyonvil pou yoeksprime endiyasyon yo fas a move tretman ayisyen ap sibi nan peyi Panyòl. Anbasadè dominiken an ann Ayiti, Ruben Silie, di sa ki pase nan peyi li a pa reprezante santiman jeneral pèp dominiken an vizavi ayisyen yo, men se aksyon yon tigwoup izole. Daprè diplomat la toujou, otorite dominiken yo ap chache idantifye moun ki te asasinen travayè ayisyen an (Jean Claude Garry) pou fè yo reponn pou krim yo devan lajistis. Misye Silie di li enpòtan pou 2 peyi yo ranfòse aspè pozitif relasyon ki egziste antre yo.

Nouvèl Ayiti jedi 26 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:37 0:00
Direct link

Yon gwoup manifestan pami sila yo ki tap pwoteste kont move tretman Ayisyen ap resevwa nan Panyòl, antre nan konsila dominiken an nan Petyonvil, yo desann drapo dominiken an epi yo boule li. Ensidan sa a rive malgre òganizatè mach la te mande manifestan yo respekte tout sa ki nan misyon konsilè dominiken an. Ensidan sa a rive nan moman Sosyològ Daniel Supplice ap ranplase Fritz Cinéas kòm nouvo anbasadè ayisyen nan Santo Domingo.

==================================

Yon komite Palè Nasyonal mete sou pye kòmanse travay sou pwojè dekrè lwa elektoral la ke Konsèy Elektoral la te soumèt devan pouvwa egzekitif la nan wikenn pase a. Komite sa a ap travay sou dokiman an nan moman KEP a pral rankontre ak dirijan pati politik yo pou yo chanje pwendvi sou pwojè kalandriye elektoral la, dapre sa ki di nan akò politik 11 janvye 2015 la.

Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon lanse, nan vil Okay, yon seri de seminè pou sansibilize popilasyon an sou fason pou li konpòte l avan, pandan e apre yon tranblemanntè oubyen yon tsunami. Delege kap patisipe nan seminè sa yo semèn sa a sòti nan rejyon Gran Nò a ak Gran Sid la .

Anfen nan Pòde Pè (Depatman Nòdwès), reprezantan yon òganizasyon pwofesyonèl ki baze Ozetazini e kap milite nan domèn komèsyal la, lanse yon atelye travay kote manm delegasyon an ap montre nouvo antreprenè ayisyen yo kijan pou yo prepare yon plan pou yo lanse yon antrepriz. Delegasyon an pral fè menm travay la nan plizyè lòt depatman peyi a.

XS
SM
MD
LG