Accessibility links

Breaking News

Lajòdani Fè Egzekite 2 Militan Islamik


Patizan ak manm fanmi pilòt jòdanyen, Lyetnan Muat "Maaz" al-Kassasbeh, manifeste kòlè yo aprè yon video te montre militan Eta Islamik la te touye pilòt la, ki mouri kankannen nan dife.
Patizan ak manm fanmi pilòt jòdanyen, Lyetnan Muat "Maaz" al-Kassasbeh, manifeste kòlè yo aprè yon video te montre militan Eta Islamik la te touye pilòt la, ki mouri kankannen nan dife.

Gouvènman peyi Jòdani an fè egzekite 2 militan islamik nan douvanjou jounen mèkredi 4 fevriye 2015 la, aprè Gwoup Eta Islamik la te touye Muat « Maaz » al-Kassasbeh, yon pilòt jòdanyen ki te tonbe anba men konbatan l yo. Avyon pilòt la te tonbe pandan li tap mennen yon misyon kont konbatan islamik yo nan peyi Siri nan mwa janvye pase a.

Otorite jòdanyen yo fè pann Sajida al-Rishawi, yon fanm irakyèn lajistis te kondane amò pou wòl li te jwe nan yon operasyon suisid ak bonm ki te dewoule nan kapital la, Amman, an 2005; yon lòt militan yo fè egzekite menm jan rele Ziad al-Karbouly, yon lòt sitwayen irakyen ki te gen bon jan lyezon ak rezo al-Kaida a.

Nan jounen madi 3 fevriye a, militan islamik yo te fè parèt sou entènèt la yon video ki te montre pilòt jòdanyen an ki te nan yon kaj ak gwo flanm-dife sou li pandan kèk militan ame tap gade; dife a te boule pilòt la jiskaske misye mouri. Gwoup Eta Islamik la te egzije liberasyon militant irakyèn nan, Sajida al-Rishawi, nan kad yon echanj prizonye; men gouvènman jòdanyen an te refize mache nan lojik sa a toutotan li pat gen prèv ki ta montre pilòt al-Kassasbeh te vivan toujou. Daprè otorite yo nan Amman, sanble yo te touye pilòt la sa gen yon mwa deja.

XS
SM
MD
LG