Accessibility links

Breaking News

Onè-Respè pou Jean Robert Simonize


Jean Robert Simonize, ansyen Minis Afè Etranjè ayisyen, ansyen direktè pwogram Radyo Nasyonal d Ayiti e pwofesè relasyon entènasyonal, rann dènye soupi li nan vandredi 12 desanm 2014 la.

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la wete chapo devan gwo entèlektyèl ayisyen sa a ki te toujou disponib e dispoze analize aktyalite nasyonal ak entènasyonal la ak jounalis sèvis la chak fwa sa te nesesè. Pa egzanp, se byen souvan li te yon envite nan pwogram lib tribin Dyaloge ak Etazini ki pase chak mèkredi ak chak vandedi nan emisyon midi 30 la.

Omaj pou pwofesè e analis politik Jean Robert Simonize
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:45 0:00
Direct link

Enjenyè-Jewològ Jocelyn David, ki se yon zanmi danfans ak yon jakmelyen menm jan ak J.R. Simonize, ban nou yon entèvyou kote li pase an revi prensipal moman lavi li sou plan prive ak plan piblik la. Misye David di nou antèman an ap chante samdi 20 desanm 2014 la nan Legliz Sakre-Kè, nan Meyèr, Jakmèl.

XS
SM
MD
LG