Accessibility links

Breaking News

Desizyon Istorik Admistrasyon Obama a : Repriz Relasyon Diplomatik avèk Kiba


Presidan kiben an, Raoul Castro, ki tap reyaji sou televizyon piblik nan La Avàn, pandan Prezidan Barack Obama tap anonse Lèzetazini ap planifye pou l retabli relasyon diplomatik ak Kiba apre plis pase 50 an. (Foto: 17 desanm 2014).
Presidan kiben an, Raoul Castro, ki tap reyaji sou televizyon piblik nan La Avàn, pandan Prezidan Barack Obama tap anonse Lèzetazini ap planifye pou l retabli relasyon diplomatik ak Kiba apre plis pase 50 an. (Foto: 17 desanm 2014).

Kiba fèk pran desizyon pou l libere yon sitwayen sivil ameriken ki pase 5 kan nan prizon nan peyi a; an menm tan tou La Mezon Blanch fè konnen Lèzetazini pral pran dispozisyon pou l retabli relasyon deplomatik ak gouvènman Castro a aprè plis pase 50 tan.

Ameriken libere a rele Alan Gross e li gen 65 kan. Li deja pran avyon pou l antre Washington ; li te gen avèk li 3 manm Kongrè Lèzetazini an. Misye Gross se yon ansyen kowoperan nan domèn asistans entènasyonal la; nan moman Kiba tap libere l la, Lèzetazi libere tou 3 kiben li te gen nan prizon lakay li.

Nan mitan jounen mèkredi 17 desanm 2015 la, Prezidan Barack Obama pale ak nasyon an pou l anonse sa ki ka reprezante yon gwo tounan nan relasyon ant La Avàn ak Washington. Misye Obama di :

« Jodi a Lèzetazini Damerik ap chanje politik li vizavi Kiba ; nap pote chanjman ki pi enpòtan nan politik nou depi plis pase 50 tan. Nap mete fen nan yon apwòch depase ki, pandan dè dizèn dane, pa rive byen sèvi enterè nou. Olye de sa, nou pral kòmanse nòmalize ralasyon ant 2 peyi nou yo. »

Pou sa ki gen rapò ak afè Alan Gross la, Prezidan Obama bay detay sou demach ki te fèt ant gouvènman ameriken an ak rejim kastris la pou debouche sou liberasyon sitwayen ameriken sa a.

« Pandan plizyè mwa, administrasyon m nan te pran kontak ak gouvènman Kiba a konsènan afè Alan nan ak lòt aspè relasyon nou yo. Sa Sentete Le Pap Franswa te lanse yon apèl bay mwen-menm ak Prezidan Raul Casto pou l te mande nou prese rezoud pwoblèm Alan nan, epi pran an konsiderasyon sitiyasyon 3 kiben ki te nan prizon Ozetazini depi plis pase 15 zan. Jounen jodi a Alan retounen lakay li pou l reyini finalman avèk manm fanmi li. »

Nan Washington, otorite ameriken yo fè konnen yo gen plan pou yo adousi anbago ekonomik elaji gouvènman ameriken yo mete sou do Kiba depi plis pase 50 lane a.

XS
SM
MD
LG