Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Reyaksyon apre Demisyon Premye Minis Laurent Lamothe la


Premye Minis demisyonè a, Laurent Salvador Lamothe
Premye Minis demisyonè a, Laurent Salvador Lamothe

Ann Ayiti, Premye Minis Laurent Lamothe demisyone ann akò ak rekòmandasyon Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la te fè prezidan Michel Martelly. Nan mesaj ki anonse demisyon an, Misye Lamothe deklare li kite pozisyon an “ak santiman li ankonpli misyon n.”

Prezidan Michel Martelly aksepte demisyon ansyen chèf gouvènman an, toujou nan kad miz an aplikasyon rekòmandasyon komisyon an. Chèf deta a, ki te pran lapawòl vandredi 12 desanm nan, fè konpliman pou travay ansyen Premye Minis la reyalize pandan plis ke 2an li pase ap dirije gouvènman an.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Lendi 115 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:07 0:00
Direct link

Reyaksyon apre demisyon Premye Minis Lamothe la

Youn nan pòtpawòl Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), ansyen Depite Serge Jean Louis, deklare demisyon ansyen Premye Minis la pa fè lidè MOPOD yo ni cho ni frèt. Misye Jean Louis ajoute seri manifestasyon opozisyon an lanse yo pral kontinye jiskaske Prezidan Martelly demisyone tou.

Anfen, Depatman Deta ameriken fè konnen se ak satisfaksyon li resevwa rapò Komisyon Konsiltatif la fè prezidan Martellyy sou fason pou kriz la jwenn yon solisyon. Pòtpawòl depatman an, Jen Psaki, di Lèzetazini apiye efò k ap fèt pou eleksyon dewoule nan peyi a.

XS
SM
MD
LG