Accessibility links

Breaking News

Fòmasyon yon Komisyon Konsiltatif sou Kriz Elektoral la


Nan lide pou jwenn yon solisyon pou enpas politik la ak kriz pre-elektoral la, Prezidan Michel Martelly te òganize yon seri konsiltasyon ak reprezantan pati ak gwoupman politik epi dirijan Sosyete Sivil la sòti 22 septanm pou rive 24 novanm 2014. Tankou chèf deta a te pwomèt li a, li mete devan pèp la, vandredi 28 novanm nan, yon mesaj kote li fè yon sentèz rankont sa yo; li regwoupe yo an 5 kategori nan mesaj li a.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Lendi Premye Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:02 0:00
Direct link

Imedyatman apre diskou Prezidan Martelly a, pouvwa egzekitif la fè parèt yon kominike ki bay non pèsonalite ki fòme komisyon konsiltatif la. Men non manm yo : Mèt Gérard Gourgue, Monseyè Patrick Aris, Mesye Evans Paul, Mesye Paul Loulou Chéry, Madam Odette Roy Fombrun, Mesye Réginald Boulos, Monseyè Ogé Beauvoir, Pastè Chavannes Jeune, Mesye Charles Suffrat, Mesye Gabriel Fortuné, Mesye Rosny Mondestin.

Nan moman prezidans la ap pare pou l enstale manm komisyon an –ki gen pou travay sou sentèz konsiltasyon Prezidan Martelly te fè yo-- anbasad amerikèn nan peyi Dayiti ap rankontre ak dirijan yon gwoup pati opozisyon an. Pandansetan, korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois, ban nou kèk reyaksyon ki sòti sou fòmasyon komisyon an.

XS
SM
MD
LG